Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Numérisation TV

Mond televizyon an ap chanje anpil sou plan teknolojik. Teknoloji analojik la, ki baze sou transpò siyal ki varye san rete nan tan an, ap bay teknoloji nimerik la plas, kote siyal yo chanje ant yon kantite nivo ki limite. Youn nan avantaj teknoloji nimerik la se entegrasyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) san li pa koute chè, sa ki pèmèt imaj ak son yo repwodui pi egzak. Tranzisyon televizyon analojik la pou ale nan televizyon nimerik se yon konsansis entènasyonal ant peyi yo sou yon nouvo fason pou òganize pwogramasyon, transmisyon ak difizyon pwodiksyon odyovizyèl, anba sipèvizyon Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT). Li konsène dirijan politik yo, regilatè yo, operatè yo ak manifakti ekipman nan sektè telekominikasyon an.

Gwo chanjman sa a nan peyizaj odyovizyèl mondyal la pa ka evite. N ap asiste disparisyon yon sistèm televizyon ak nesans yon lòt. Yon bagay klè : tranzisyon an ap fèt avèk oswa san patisipasyon Ayiti. Tout peyi te gen je yo sou dat 17 jen 2015 lan, gwo randevou yo te swete men yo pa t enpoze pou tranzisyon an fini nèt. Vre, pandan Konferans rejyonal radyokominikasyon 2006 (CCR-06) nan Jenèv, UIT te adopte yon trete (Akò GE06) ki gen ladan l yon plan frekans pou sèvis radyodifizyon tèrès e ki fikse dat 17 jen 2015 pou kanpe emisyon analojik yo. Akò sa a, ki aplike pou san sèz (116) administrasyon nan rejyon 1 ak 3 (eksepte Mongoli ak Repiblik Islamik Iran) nan bann 174-230 MHz ak 470-862 MHz, vin enpoze sou tout mond lan, sitou pandan konferans mondyal radyokominikasyon 2007 ak 2012 yo.

Kidonk, apa ke tranzisyon an pa ka evite, gen yon kesyon fondamantal de bò ki poze devan Leta ayisyen an : èske l dwe sibi tranzisyon an oswa angaje l ladan l pou pwòp enterè pa l ? Se nan lide sa a Gouvènman an entèvni. Ayiti dwe fè tranzisyon an. Rezònman li chita sou twa lojik : (1) antre nan dinamik entènasyonal la an favè tranzisyon an dapre rekòmandasyon UIT yo ; (2) evite lage peyi a nan izolman teknolojik ; ak (3) reyisi tranzisyon an, sa vle di fè l nan enterè operatè yo, konsomatè yo, Leta a e, pi wo pase tout bagay, sosyete ayisyen an.

Kreyasyon, pa Arete 9 jiyè 2013 la, Komite Entèministeryèl sou Migrasyon nan Televizyon Nimerik (CIMTN), ki gen sis (6) Minis ladan l e se Premye Minis la ki prezide l, montre volonte fèm Gouvènman an pou travay pou pwosesis tranzisyon an reyisi. Arete sa a prevwa yon Sekretarya Teknik ki fòme ak reprezantan Minis ki fè pati CIMTN nan ak yon gwoup travay sektoryèl (GTS) ki gen pou prepare desizyon politik piblik CIMTN nan pral pran yo. Nan menm lide a, yo te adopte estanda ameriken ATSC (Advanced Television System Committee) pou Televizyon nimerik tèrès (TNT) nan ond klè.

Nan pwen de vi sa a, Leta ayisyen an, ki mezire tout enjeu tranzisyon an e ki akonpaye tout pati ki konsène yo, fè tranzisyon an tounen yon gwo levye pou pwogrè teknolojik ak yon okazyon pou modènize peyizaj odyovizyèl la e reòganize l yon fason ki an lòd.

Enjeu tranzisyon an

Se inevitab : televizyon nimerik pral ranplase televizyon analojik. Revolisyon teknolojik mondyal sa a touche tout chèn telediffizyon an, depi pwodiksyon kontni odyovizyèl, pase pa transmisyon, rive nan resepsyon.

Anpil peyi deja fin fè tranzisyon an, lòt deja planifye e fikse dat pou fè l. Apre dat yo fikse pou tranzisyon an, sistèm televizyon analojik yo p ap ka mande pwoteksyon ankò e yo pa dwe lakòz entèferans ki pa akseptab. Founisè ekipman radyodifizyon yo tou fikse dat pou yo sispann fabrike ekipman pwodiksyon, estokaj kontni ak transmisyon siyal televizyon analojik. Radyodifizè ki bay sèvis analojik yo pral jwenn mwens ekipman ak kontni analojik, ki pral disparèt avèk tan. Kidonk, pase nan televizyon nimerik pral tounen yon obligasyon pou tout peyi.

Youn nan gwo enjeu tranzisyon nan televizyon nimerik la se fè peyi a benefisye dividann nimerik la : frekans ki gen anpil valè ki pral libere apre pasaj total nan televizyon nimerik e ki pral atribye bay rezo telekominikasyon mobil katriyèm jenerasyon (4G).

Gen lòt enjeu politik, teknik, kiltirèl ak sosyo-ekonomik pou konsidere tou, pou kenbe kont dimansyon miltisektoryèl tranzisyon an, ki chita sou kat (4) gwo aspè :

1) Politik : tranzisyon an mande pou enstans desizyon ki pi wo nan Leta a mobilize pou adopte e aplike politik piblik ki apwopriye pou kontèks espesifik tranzisyon sa a ;

2) Teknolojik : fondasyon tranzisyon an se teknoloji, paske li mande pou yo met an plas nouvo enfrastrikti, ki endispansab pou sèvis radyodifizyon ki pi bon kalite ki baze sou nouvo nòm yo etabli ;

3) Ekonomik : gwo depans ki gen rapò, yon bò, ak ranplasman enfrastrikti ki egziste yo ak adaptasyon ekipman resepsyon nan tout teritwa a, e, yon lòt bò, ak jesyon pwogram tranzisyon an an tèm resous imen, materyèl ak finansye pou sansibilize popilasyon an ak pou mezi akonpayman yo ;

4) Sosyal : dapre chapit IV dekrè 12 oktòb 1977 ki regle sèvis telekominikasyon an Ayiti, radyodifizyon se yon sèvis enfòmasyon ki nan enterè piblik pou difize valè nan sosyete a. Se yon espas enfòmasyon, divètisman ak edikasyon, yon vrè zouti pou epanouisman sosyal ki aksesib pou tout moun sou tout teritwa nasyonal la.

Tranzisyon an : yon responsabilite nasyonal

Tranzisyon televizyon analojik la nan televizyon nimerik se yon obligasyon nasyonal ki gen yon dat limit entènasyonal. Li enpoze :

(i) premye, sou Leta a ki gen obligasyon pou :

a) konsevwa e planifye, nan enterè jeneral, nouvo konfigirasyon peyizaj odyovizyèl la ki soti nan chanjman teknolojik sa a ;

b) Adopte politik piblik ki apwopriye pou l reyisi ;

c) ankouraje divèsite ak valè moral e entelektyèl pwogram enfòmasyon, divètisman ak fòmasyon yo ;

d) pran dispozisyon legal ak regleman pou nouvo anviwònman odyovizyèl la ;

e) pran mezi ekonomik akonpayman ki nesesè yo ;

(ii) sou operatè yo ki dwe eksplwate nouvo teknoloji nimerik yo afon, pandan y ap amelyore sèvis ak pwogram yo ofri popilasyon an tout tan ;

(iii) epi sou tout sitwayen ki dwe enfòme yo sou enjeu tranzisyon an e mobilize yo otou gwo pwojè nasyonal sa a pou l ka yon siksè pou tout moun e avèk tout moun.

Pandan li ofri popilasyon an anpil posiblite, TNT a mete gwo defi devan diferan aktè yo tou. Avènman li pèmèt itilizatè yo jwi pi bon kalite imaj ak son, kominike ak platfòm difizyon yo e benefisye anpil pwogram ak nouvo sèvis. Sepandan, pou aplike l mande gwo efò planifikasyon ak adaptasyon nan nouvo anviwònman an, ak gwo mwayen finansye pati ki konsène yo pa t ap tann. Se poutèt sa, gouvènman an, operatè yo, mond zafè a ak piblik la an jeneral dwe kolabore e fè efò ki nesesè yo, chak nan sa ki konsène l, pou reyisi pasaj nan nimerik la.

Estrateji tranzisyon an

CONATEL elabore yon estrateji pou yon tranzisyon ki reyisi an Ayiti. Estrateji sa a, ansanm ak fèy wout ki ale avè l, detèmine objektif pou atenn, etap pou suiv, gwo oryantasyon pou bay odyovizyèl ayisyen an, desizyon pou ankadre l, prensipal faz travay yo ak kritè siksè tranzisyon an. Vizyon ak objektif tranzisyon an

Vizyon

Devlope kontni nasyonal ki pètinan e transfòme anviwònman odyovizyèl peyi a pou fè l tounen yon zouti modènizasyon ak devlopman sosyo-ekonomik.

Objektif

Desizyon politik piblik ki gen rapò ak tranzisyon an vize sitou pou :

1) reòganize e rekadre peyizaj odyovizyèl la pou reponn ak egzijans chanjman teknolojik la ;

2) asire yon aksè jis e ekitab sou tout teritwa nasyonal la pou avantaj teknoloji nimerik la ofri, gras ak disponiblite pwogram yo ak aksè ak ekipman resepsyon yo ;

3) ankouraje devlopman yon endistri odyovizyèl ak pwodiksyon kontni nasyonal ki enspire nan eritaj kiltirèl ak istorik la ak valè sosyo-kiltirèl ayisyen yo ;

4) libere yon pati nan spèk ki atribye kounye a pou radyodifizyon televizyon pou itilize l nan deplwaman rezo katriyèm jenerasyon (4G).

Gwo liy yon politik estratejik tranzisyon

Migrasyon ayisyen an nan televizyon nimerik baze sitou sou direktiv Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) ki repwodui nan dokiman ki rele : « Rekòmandasyon sou politik, regleman, teknoloji, sansibilizasyon aktè yo ak planifikasyon operasyonèl pou asire yon pasaj dousman nan televizyon nimerik ». Li konsidere tou leson yo tire nan eksperyans peyi ki deja reyisi tranzisyon an oswa ki an plen pwosesis.

Gwo oryantasyon sa yo pèmèt nou elabore yon estrateji nasyonal migrasyon ki koyeran ak yon fèy wout klè e presi ki detèmine kad la ak prensipal etap pou planifye aktivite pwogram tranzisyon an. Estrateji a bay priyorite a yon apwòch entegre ki konsidere tranzisyon an nan tout aspè li yo : politik ak regleman, enfrastrikti, sansibilizasyon popilasyon an, ekonomi ak finans, kontni ak pwogram. Li chita sou senk (5) gwo aks sa yo :

1) Apwopriyasyon nasyonal ajanda tranzisyon an nan aspè politik ak regleman li yo ;

2) Kanpay nasyonal kominikasyon ak sansibilizasyon sou tranzisyon an ;

3) Planifikasyon enfrastrikti pwosesis migrasyon an ;

4) Etablisman kad pou devlope kontni ak pwogram nasyonal ;

5) Evalyasyon ekonomik pwosesis la ak mezi akonpayman ki ka nesesè ;

Kote pwosesis Tranzisyon nan Televizyon nimerik la rive

CONATEL, kòm enstans regilasyon, nan kad aksyon li an favè devlopman radyodifizyon an Ayiti, planifye tranzisyon nan televizyon nimerik la avèk anpil swen, pandan l ap konsidere benefis sosyo-ekonomik yon chanjman teknolojik ki reyisi.

17 jen 2015 te make pou Ayiti fen faz konsepsyon pasaj televizyon analojik la nan televizyon nimerik.

Deplwaman enfrastrikti TNT a ap fèt an twa etap :

a. Yon faz pilòt kote yo pral enstale e fè fonksyone yon estasyon demonstrasyon TNT nan Pòtoprens ;

b. Yon dezyèm faz kote yo pral enstale platfòm difizyon TNT yo piti piti nan zòn kouvèti yo detèmine yo, e estasyon analojik ki la kounye a yo pral oblije migre sou platfòm difizyon Conatel deziyen an. Gen yon peryòd kowabitasyon ki nesesè, kote estasyon televizyon analojik ki egziste yo kontinye emèt, an ‘Simulcast’ ak platfòm nimerik ki fonksyone yo ;

c. Pandan dènye faz la, yo pral fikse yon dat limit pou abandone televizyon analojik la nèt. Tout fwaye yo pral oblije modènize televizyon yo lè yo ekipe yo ak resèptè nimerik oswa ak bwat dekodè ki fè konvèsyon an nimerik anvan yo abandone televizyon analojik la nèt.

Kanpay kominikasyon piblik la ki deja kòmanse pral ranfòse pou sansibilize popilasyon an sou fen emisyon analojik yo ki toupre e sou nesesite pou l prepare l pou resevwa siyal nimerik yo.

Eksperyans pilòt Televizyon nimerik an Ayiti

Anvan yo kòmanse etap aplikasyon reyèl la, li bon pou fè yon eksperyans pilòt televizyon nimerik tèrès (TNT) nan Pòtoprens pou pèmèt diferan aktè nan sektè a pi byen konprann enjeu yo e tire leson ki ka ede yon Tranzisyon Nimerik Tèrès reyisi an Ayiti. Pou sa, CONATEL, atravè Ògàn Egzekitif li, ap kolabore ak RTNH, operatè sèvis piblik, pou egzekite pwojè sa a.

Eksperyans sa a ap pèmèt evalye paramèt teknik telediffizyon nimerik la sou kouvèti, kalite resepsyon ak nivo brouyaj, sansibilize aktè yo sou fezabilite pwojè tranzisyon nan televizyon nimerik la e analize konpòtman popilasyon ki ka kapte siyal TNT yo.

Tranzisyon Televizyon nimerik nan Pòtoprens

Gen negosyasyon k ap fèt kounye a pou finansman, enstalasyon ak jesyon platfòm difizyon TNT a nan Pòtoprens. Enfrastrikti sa a pral asire difizyon pwogram tout chèn televizyon ki an ond klè nan Pòtoprens.

Pou konkli, Televizyon nimerik se yon pasaj obligatwa ki soti nan yon chanjman teknolojik mondyal. Malgre reta ki genyen nan pwosesis la, aktè yo ap travay ak detèminasyon pou fè Televizyon nimerik la tounen yon reyalite an Ayiti nan yon delè ki akseptab.