
Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie ALTEMA, te fè madi 14 fevriye 2017 sa a yon vizit gide nan enstalasyon chèn pilòt Nimerik Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH).
Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie ALTEMA, te fè madi 14 fevriye 2017 sa a yon vizit gide nan enstalasyon chèn pilòt Nimerik (Chèn 10) Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) ak reprezantan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH), sa vle di Prezidan an, Msye Hérold JEAN-FRANCOIS, ak Msye Robert DENIS.
Apre li fin eksplike vizitè yo objektif mizanplas chèn eksperimantal televizyon nimerik sa a ak enpòtans tranzisyon an, li prezante tou ekip ki responsab eksperyans pilòt la, ki fòme ak enjenyè André LUBIN, Direktè Radyodifizyon nan CONATEL, Yvon AUGUSTE, Direktè Teknik TNH, ak Fritz JOASSAINT, PDG gwoup Electrocom, ki te travay pou reyalize chèn sa a.
Pou pati pa l, Direktè Jeneral TNH la, Msye Dischler MARCELIN, di li kontan patisipe nan reyalizasyon yon pwojè konsa, ak gwo sipò CONATEL. « Mwen pa t konn anpil bagay sou televizyon nimerik e mwen pa t twò vle angaje m ladan l. Sepandan, piti piti, mwen fini pa wè pi klè e mwen di tèt mwen : men, televizyon nimerik se yon reyalite e sa vrèman fè yon diferans », li ensiste !
Kanta pou Prezidan ANMH a, Msye Hérold Jean François, li felisite CONATEL ak TNH paske yo lanse chèn eksperimantal la. Kounye a, fò gen yon desizyon Leta pou defini liy direktris tranzisyon sa a pou tout peyi a ka benefisye avantaj Nimerik la ofri.

