.webp&w=3840&q=75)
Nan lakou Conatel, yo enstale yon gwo tant pou pwoteje tab ak chèz yo kont solèy. Jodi a vandredi 26 septanm 2014, se jou fèt. Anplwaye yo abiye sou trant-de, pi elegan pase abitid. Conatel gen 45 an.
Nan lakou Conatel, yo enstale yon gwo tant pou pwoteje tab ak chèz yo kont solèy. Jodi a vandredi 26 septanm 2014, se jou fèt. Anplwaye yo abiye sou trant-de, pi elegan pase abitid. Conatel gen 45 an.
Fèt la kòmanse ak lapriyè : yon prèt ak yon pastè mande benediksyon Bondye sou enstitisyon an. Yo envite anplwaye yo tou pou yo obsève kòmandman L yo, sitou nan fason y ap fè travay yo.
Yo rete an silans yon moman, yo di aksyon de gras, apre sa lapriyè bay divètisman plas. Pa bezwen chèche lwen. Anplwaye diferan sèvis yo, manm fanmi yo ak anpil nan zanmi yo se atis ki gen eksperyans. Monique Laguerre, Bendgina Michaud, elatriye, se atis ki gen anpil talan.
Kit yo nan biwo santral la kit yo nan biwo rejyonal yo, manm pèsonèl Conatel la ofri yon espektak ki te ni amizan ni emosyonan. Skèch, blag, koregrafi, chante, powèm e natirèlman bon mizik pou bay chak moman nan jounen an ritm.
Nan pawòl li pou okazyon an, Direktè Jeneral la, Msye Jean-Marie Guillaume, raple anplwaye yo wòl yo nan siviv enstitisyon an. Devouman yo, pwofesyonalis yo, respè yo pou nòm ak prensip yo ak santiman apatenans yo te ede Conatel grandi, li di. Msye Guillaume pran tan tou pou salye moun ki te la anvan l yo ak pyonye ki te ede kanpe enstitisyon sa a, ki toujou gen gwo defi pou l leve.
Sepandan, li pwofite pou l prezante difikilte enstitisyon an ap fè fas, tankou difikilte bidjè. Twa ka nan bidjè enstitisyon an sèvi pou peye salè ak kouvri frè antretyen. Kidonk, li anonse yo pral adopte nouvo mezi administratif pou ogmante fon envestisman yo.
Pa egzanp, yo pral pran inisyativ pou jwenn lajan pou achte kèk ekipman modèn. Se operatè yo ki pral pote chaj regilasyon an. Konsa, CONATEL ap ka envesti nan siveyans frekans ak nan anpil lòt domèn.
Conatel ap travay sou anpil chantye, tankou pòtabilite nimewo telefòn ki pral pèmèt itilizatè telefoni mobil yo kenbe nimewo yo lè yo pase nan yon lòt operatè ; ak tranzisyon nimerik la. Jean-Marie Guillaume di li fyè pou l patisipe nan modènizasyon sektè telekominikasyon an Ayiti.
Pandan selebrasyon 45 an Conatel sa a, anplwaye yo ak Direksyon Resous Imen an bay Direktè Jeneral la de plak Onè ak Merit pou lidèchip li ak sans inovasyon li.

