
Soti 9 rive 14 mas 2020, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL, te fè tès sou kalite sèvis vwa ak done operatè telefoni mobil yo nan Depatman Lwès.
Soti 9 rive 14 mas 2020, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL, te fè tès sou kalite sèvis vwa ak done operatè telefoni mobil yo nan Depatman Lwès.
Tès sa yo fè pati aktivite regilye regilatè sektè telekominikasyon an, ki asire l konsa yo bay sèvis ki bon kalite. Entèvansyon regilatè sa a nesesè pou asire pwoteksyon konsomatè yo. Pou sa, regilatè a bay operatè a yon kaye chaj ki gen ladan l sitou valè paramèt rezo a dwe fonksyone ladan yo pou garanti yon itilizasyon ki reponn ak estanda entènasyonal yo. Malerezman, paramèt sa yo souvan afekte tou pa faktè ekstèn, tankou entèferans ond radyoelektrik ki fè tò, ki soti pa egzanp nan estasyon radyodifizyon ki pa respekte pwòp kaye chaj pa yo.
Nan kad tès sa yo, yo te pran mezi pou 2G/3G/4G. Yo te fè apèl vokal ak transfè done pou operatè telefoni mobil yo, Digicel ak Natcom. Pou chak operatè, yo te konfigire de telefòn pou apèl vokal ki repete ak de lòt pou teste done yo. Telefòn vokal yo te altène ant apèl sou Digicel ak sou Natcom pou yon dire 60 segonn. Telefòn done yo, ki te konekte ak sèvè speedtest.net, t ap fè telechajman fichye ki repete.
- TÈS APÈL VWA YO
Yo te analize plizyè paramèt pandan tès la. An jeneral, yo klase yo an twa kategori : EKSELAN, BON, MOVE. Sèvis yo dwe nan kategori « EKSELAN » pou regilatè a aksepte yo.
Nan prezantasyon ki vin apre a, se sèlman rezilta paramèt ki pi enpòtan pou itilizatè a yo konsidere :
BLER (Block Rate Error), rapò ant kantite blòk ki gen erè ak kantite total blòk yo resevwa, se yon mezi kalite kanal la. Valè ki pi wo pase 2.0 lakòz vwa a koupe pandan konvèsasyon an. Objektif operatè yo se gen valè BLER ki pi ba pase 2.
BLER a se 21.41 ak 22.71 pou Digicel ak Natcom, byen lwen valè minimòm lan. Ann raple, valè sa a ta dwe pi ba pase 2 pou garanti yon bon kalite sèvis. Kidonk, de operatè yo nan kategori MOVE. Sa bay yon kalite odyo ki medyòk e pafwa ki pa akseptab, ak pawòl ki koupe souvan.
To apèl ki koupe, pousantaj apèl ki echwe apre yo fin konekte divize pa kantite total apèl yo, satisfezan. To koupi a se 0.88, byen pi ba pase ‘’2’’ yo rekòmande an jeneral, li tonbe nan kategori EKSELAN pou Digicel, ak 2.77 (Kategori BON) pou Natcom. Natcom, ak to sa a ki pi mal pase sa Digicel la, ap oblije amelyore rezo l pou l antre nan kategori EKSELAN.
Byenke to apèl ki koupe a EKSELAN pou Digicel e BON pou NATCOM, mwayèn BLER pou de operatè yo wo anpil, pi wo pase 20%. Sa montre yo ap fonksyone nan yon zòn kalite odyo ki move anpil e ki pa akseptab. Kòm kalite odyo a tèlman medyòk e to koupi a akseptab, operatè yo dwe defini e kontwole paramèt rezo yo pou redwi koupi yo jiska minimòm. Konsa, menm si apèl la pa koupe, move kalite odyo a fòse itilizatè a koupe apèl la pou l rekonpoze nimewo a. Segonn ak minit ki akimile yo pèdi, sou do konsomatè yo. E sa lakòz tou pwoblèm nan kominikasyon vokal. Fò n raple tout tès sa yo te fèt sou yon peryòd 2 mn. Nan reyalite, apèl ki dire plis pase 2 mn sibi yon degradasyon ki pi gwo pase sa tès la endike.
2.2 To blokaj ak tan koneksyon
To blokaj apèl yo se pousantaj apèl ki pa rive konekte divize pa kantite total apèl yo. An jeneral, yo rekòmande yon valè ki pi ba pase 2. To blokaj la se 3.24% (Kategori BON) pou DIGICEL ak 0.38% (Kategori EKSELAN) pou Natcom. Kidonk, sou kesyon apèl ki rive pase, Natcom pi pèfòman pase Digicel.
Tan koneksyon apèl la se tan ki genyen ant moman telefòn nan idantifye tantativ apèl la ak moman telefòn nan resevwa mesaj rezo a ki di apèl la konekte. Se tan itilizatè a ap tann ant moman li peze bouton voye a ak moman yo bay apèl la yon kanal vokal. Yo te mezire tan koneksyon apèl yo pou apèl vokal yo. Pousantaj apèl ki pran omwen 30 segonn pou konekte a wo anpil nan pifò ka : 7.76% apèl Digicel ak 9.01% apèl Natcom pran plis pase 30 segonn pou rive konekte.
To blokaj apèl yo nan kategori EKSELAN pou Natcom e BON pou Digicel. Men tan koneksyon an twò wo. An jeneral, itilizatè a pa tann 30 segonn pou yon apèl konekte. Kidonk, nou ka konsidere apèl sa yo bloke tou. Pou itilizatè a, to blokaj la pi wo anpil e eksperyans kominikasyon vokal la move anpil.
- TÈS SÈVIS DONE YO
Menm jan ak telefòn vokal yo, yo te obsève tou nivo bri ki wo ki afekte siyal radyo a sou rezo UMTS (3G) Digicel ak Natcom. Mwayèn BLER yo wo anpil, pi wo pase 20%, sa vle di zòn kote kalite kanal la move anpil.
Konsènan vitès done yo, men obsèvasyon yo te fè :
Vitès done UMTS (3G) Natcom pi rapid pase sa Digicel ; Vitès done LTE (4G) Digicel pi rapid pase vitès LTE (4G) Natcom ; Vitès done UMTS (3G) NATCOM pi rapid pase vitès rezo LTE (4G) li ; Vitès medyàn done yo pou de operatè yo sou rezo UMTS (3G) ak LTE (4G) byen pi ba pase mwayèn nan, sa ki montre gen kout peryòd vitès wo ki fosè mwayèn nan.
Paramèt
Digicel UMTS (3G) Digicel LTE (4G) Natcom UMTS (3G) Natcom LTE (4G)
Digicel
(vitès konbine)
Natcom
(Vitès konbine)
Vitès done an Kbps (Mwayèn) 3102.61 10311.71 5203.78 4391.97 4431.15 5310.96
Vitès done an Kbps (Medyàn) 1052.45 2767.52
4. KONKLIZYON REGILATÈ A :
Kantite apèl ki bloke ak apèl ki abandone wo lè nou konsidere koupi ki soti nan move kalite odyo a. An jeneral, kouvèti a bon pou UMTS (3G). Nan anpil zòn, kouvèti LTE (4G) fèb oswa li pa egziste. Entèferans ak bri sou kanal UMTS (3G) a fèb anpil. Regilatè a rekòmande de operatè yo optimize rezo yo pou sèvis yo mansyone yo.
Mwayèn vitès done yo respekte nòm entènasyonal yo (pi wo pase 2000 Kbps). Men lè n egzamine valè medyàn yo, grafik yo ak dyagram yo, nou wè klè vitès done yo pa estab, ak pik nan kèk zòn e prèske zewo nan lòt. Anplis, vitès done sou rezo UMTS (3G) Natcom pa t dwe pi wo pase vitès sou rezo LTE (4G) li. Regilatè a rekòmande yon optimizasyon rezo yo ijan.
Sèvis vokal la pa sanble disponib sou LTE (4G). Regilatè a pral diskite pwoblèm sa a ak operatè yo pou diminye kèk nan pwoblèm ki gen rapò ak vwa UMTS (3G). De rezo yo gen pwoblèm ki sanble ak kèk diferans. Li klè optimizasyon se kondisyon obligatwa pou amelyore kalite sèvis telefòn nan peyi a. Pou konkli, rezo de operatè yo sibi souvan apèl ki koupe ak blokaj nan sèvis vwa a ak yon enstabilite ki pèsiste nan sèvis done a. Regilatè a pral bay operatè yo yon delè pou yo respekte paramèt ki nan kaye chaj yo. Apre delè sa a, yo pral sibi sanksyon jan dinamik regilasyon an mande l.
N.B. :
Rezilta nou pataje la a se pou tout depatman Lwès la. Estatistik depatman sa a varye soti nan yon zòn jewografik al nan yon lòt. Pou plis enfòmasyon sou paramèt yo itilize yo, analiz yo ak rezilta pa zòn yo, vizite sit CONATEL la, www.conatel.gouv.ht/.

