.webp&w=3840&q=75)
Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, te rankontre madi 22 jiyè 2014 nan Miami yon konpayi japonè ki fabrike televizyon, FUNAI.
Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, te rankontre madi 22 jiyè 2014 nan Miami yon konpayi japonè ki fabrike televizyon, FUNAI. Rankont sa a antre nan kad tranzisyon televizyon analojik la nan televizyon nimerik.
« Reyinyon an te bay bon rezilta. Nou pran angajman pou nou travay avèk yo e pou nou kontinye fè envestigasyon, e etidye posiblite pou kreye yon izin pou fabrike televizyon ak dekodè isit menm an Ayiti », Direktè Jeneral CONATEL la deklare.
Rankont sa a te fèt pou evalye aspè teknik ak ekonomik tranzisyon an, ki gen dat yo swete a fikse pou 17 jen 2015.
MSW, yon lòt konpayi ki gen konpetans teknik nan domèn tranzisyon televizyon nimerik, te patisipe tou nan rankont sa a. MSW konsantre sou aspè teknik ki pi konplike nan enjeu tranzisyon an.
« Konsa, yo deja mete an plas yon plan teknik pou deplwaman enfrastrikti nimerik yo nan peyi a, ak zòn metwopolitèn nan kòm pwen depa », Msye Guillaume fè konnen.
Ann raple kanmenm Prezidan Direktè Jeneral FUNAI, ki pwodui ekipman elektwonik mak tankou Emerson, Magnavox, Phillips, pa t manke felisite pwogrè pozitif Ayiti fè nan pwosesis tranzisyon sa a an rapò ak lòt peyi nan zòn Karayib la.

