
Pandan l ap pwofite selebrasyon Jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te louvri pòt li madi 17 me bay laprès ak piblik la. Prèske 200 vizitè...
Pandan l ap pwofite selebrasyon Jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te louvri pòt li madi 17 me bay laprès ak piblik la. Prèske 200 vizitè, tankou etidyan, gwo komi Leta, palmantè, jounalis, operatè sektè telekominikasyon an... te reponn prezan nan aktivite sa a.
“Fè piblik la abitye ak aktivite CONATEL - Reyafime wòl CONATEL nan sosyete a - Prezante gwo chantye CONATEL yo - Antre nan ajanda entènasyonal la lè n selebre, tankou plis pase yon santèn peyi atravè mond lan, manm Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), jounen entènasyonal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon...” se gwo objektif Direktè jeneral CONATEL la, Enjenyè Jean Marie Altéma, te prezante lè l òganize jounen pòt louvri madi 17 me 2016 la.
Nan okazyon an, twa kyòs enfòmasyon te enstale nan lakou CONATEL.
Premye a te bay vizitè yo enfòmasyon presi sou wòl CONATEL kòm regilatè sektè telekominikasyon an.
Dezyèm nan, ki te dedye a radyo inivèsitè a, se youn nan pwojè kout tèm enstitisyon an, ki fèt an patenarya ak Depatman Kominikasyon Fakilte Syans Imèn (FASCH) Inivèsite Leta Ayiti (UEH). Li vize bay antite UEH sa a yon zouti pratik pou fiti pwofesyonèl nan kominikasyon ki vle oryante yo nan radyo.
Dènye kyòs la te yon platfòm kote tout enfòmasyon sou gwo chantye CONATEL yo te disponib. Youn nan chantye sa yo ki mache byen ak nouvo politik Direktè jeneral la, Jean Marie Altéma, ki konsantre sou devlopman ekonomik ak sosyal atravè TIC yo, se Salon ekonomi nimerik la. L ap fèt an septanm, Msye Altéma bay garanti. Aktivite sa a, ki pral fèt nan Pòtoprens ak nan yon lòt vil pwovens, pral tonbe ak fèt CONATEL.
Selebrasyon Jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon an te pèmèt tou Direktè jeneral la, Jean Marie Altéma, ak Direktè jeneral adjwen ki fèk enstale a, Msye Jean Dalex Maignan, rankontre laprès e reponn anpil kesyon sou telekominikasyon an Ayiti.

