Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

CONATEL te prezante bilan pwojè tranzisyon Televizyon Analojik la nan Nimerik nan yon panèl AJH te òganize nan okazyon Selebrasyon Jounen Mondyal libète laprès, ki te selebre 3 me 2022.

Jounen mondyal libète laprès, ki te komemore madi 3 me 2022, te make pa Asosyasyon Jounalis ayisyen (AJH) ak òganizasyon yon jounen refleksyon sou tèm « Laprès ayisyen devan enjeu nimerik la ak aksè ak enfòmasyon » nan Otèl Kinam Petyonvil.

Nan yon panèl ki te fòme ak plizyè ekspè nan kominikasyon, Enjenyè Jean Claudy BALAN, Direktè Teknik e Responsab komite pilotaj komisyon tranzisyon nan Televizyon nimerik nan CONATEL, te prezante avèk bèl metriz devan asistans lan, ki te fòme an majorite ak Jounalis, yon «Bilan pwojè tranzisyon Televizyon Analojik la nan Nimerik».

Nan prezantasyon l, Msye Balan montre diferan etap ki deja franchi nan tranzisyon nan televizyon nimerik, pandan l ap fè referans ak eksperyans chèn pilòt nimerik CONATEL te mete an plas la. Chèn eksperimantal sa a, Televizyon Nasyonal Ayiti ap jere depi lansman l, ap emèt sou kanal 10.

Responsab la pwofite sikonstans lan tou pou l raple piblik la ak reprezantan medya ki te la yo angajman fèm CONATEL pou regle sektè telekominikasyon an pou favorize devlopman li an Ayiti.