Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

Pòtabilite nimewo telefòn se jodi a yon DWA konsomatè a. Dwa sa a bay abòne yo posiblite pou yo chanje operatè pandan yo kenbe nimewo telefòn yo.

Pòtabilite nimewo telefòn se jodi a yon DWA konsomatè a. Dwa sa a bay abòne yo posiblite pou yo chanje operatè pandan yo kenbe nimewo telefòn yo. Li pèmèt tou operatè ki pran swen satisfaksyon abòne yo goumen ak menm zam sou teren yon konkirans ki an sante e ekitab, konsa li kraze prensipal obstak ki anpeche abòne yo chwazi pi bon òf yo pwopoze yo. Menm dwa sa a se prensipal motè amelyorasyon kontinyèl kalite sèvis la.

Apwopriyasyon pa operatè yo

Premye rankont sou Pòtabilite a te kòmanse 20 janvye 2013 ak yon prezantasyon pwojè a pa yon ekspè Konpayi Rabion. Operatè NATCOM ak DIGICEL te patisipe aktivman pandan yon semèn nan atelye sa yo sou pòtabilite a, ki te gen kòm objektif prensipal yon kadraj global ak mizanplas yon pwosesis patisipatif pou prepare dokiman apèl dòf la pou chwazi operatè ki pral eksplwate platfòm operasyon pòtabilite a. Premye faz pwosesis apwopriyasyon an te fini ak yon prezantasyon kadraj pwojè a pandan mwa me 2013.

Apwobasyon ak validasyon enstans piblik ki konsène yo ak titèl la

Dosye apèl dòf la, apre yo te mete sijesyon DIGICEL ak NATCOM ladan l, te soumèt bay Komisyon Nasyonal Mache Piblik, CNMP, pandan mwa jen 2013, jan lwa a mande l. Yo te lanse apèl dòf la 16 jen 2013 pou yon pwopozisyon platfòm jesyon operasyon yo. Pli yo louvri 30 out 2013 yo te bay konpayi PORTINGXS jesyon an. CNMP te valide pwosedi a 8 oktòb 2013. Yo te voye soumisyonè yo yon notifikasyon 15 oktòb 2013. Ministè titèl CONATEL la te andose pòtabilite a, kidonk li vin tounen yon angajman enstans Leta yo.

Elaborasyon pwosedi yo

Yo te konstitye twa gwoup travay ki pral entèvni nan aplikasyon pwosesis pòtabilite a apati yon konsansis ant CONATEL ak operatè yo. Men kijan yo te separe travay yo :

  1. Komite pilotaj operatè-regilatè a, ki gen sis manm, bay gouvènans pwojè a e li swiv aplikasyon an. Li entèvni nan rechèch solisyon pou pwoblèm estratejik lè sougwoup travay yo jije sa nesesè.
  2. Gwoup Teknik operatè-regilatè a idantifye difikilte teknik ki bezwen leve nan nivo ant operatè yo.
  3. Gwoup Komèsyal operatè-regilatè a, ki gen wòl pou ankouraje solisyon ki reponn byen ak echanj komèsyal yo.

Yo te pwograme atelye ak gwoup travay sa yo. Objektif prensipal la se te :

• Pèmèt operatè yo gen yon vi jeneral sou pwosesis pòtabilite a.

• Detèmine aspè teknik ak komèsyal yo.

• Rive elabore pwosedi eksplwatasyon ki konsidere bezwen, kontrent oswa sijesyon operatè yo.

Yon ekspè nan Pòtabilite Nimewo te anime atelye travay sa yo soti 15 novanm rive 14 desanm 2013. Li te prezante tout espesifisite pwosesis pòtabilite a nan echanj teknik ak komèsyal ant operatè yo ak konpayi k ap jere operasyon yo. Patisipan yo te ka prezante diferan pwoblèm fonksyònman entèn yo te prevwa. Yo te detèmine pwoblèm teknik yo souvan gen rapò ak ekipman rezo yo. Nan ka sa a, yo te envite operatè yo konsilte founisè yo pou chèche solisyon.

Atelye sa yo te dwe mennen nan prezantasyon yon Plan Aplikasyon Pwojè (PIP) nan fen mwa desanm 2013. CONATEL te pwopoze, 25 desanm 2014, yon premye tèks sou Regilasyon ak Pwosedi Pòtabilite Nimewo Mobil, ki konsidere sijesyon oswa avi operatè yo. Diskisyon yo te dwe kontinye ankò pou deside sou 47 atik ki fòme pwosedi pou aplike nan kad aplikasyon pòtabilite a ak sou redaksyon dokiman final la.

Seyans travay chak semèn ant Operatè yo ak CONATEL te kontinye soti mitan janvye 2014 rive 10 avril 2014. Yo te revize pifò atik dokiman an an komite e yo te konsidere sijesyon operatè yo lè yo te jije sa apwopriye. Diskisyon yo dwe kontinye ankò pou finalize manyèl pwosedi a.

Evalyasyon Teknik

Akoz reta Operatè yo te fè pou soumèt plan aplikasyon an, e pou fasilite diskisyon yo epi pran desizyon ki nesesè yo, CONATEL te mande ekspètiz konpayi Laurasia Associates pou yon evalyasyon teknik ekipman Operatè yo. Atelye ak diferan komite DIGICEL, NATCOM ak CONATEL te fèt soti 25 rive 29 out 2014. Rapò Konsiltan konpayi an te dwe evalye enfòmasyon prensipal founisè yo pou etabli yon kalandriye pou mete ekipman Operatè yo a nivo pou Pòtabilite a ka kòmanse fonksyone. Evalyasyon sa a pral ede de pati yo detèmine yon dat ki reyalis pou deplwaman Pòtabilite Nimewo Mobil la.

CONATEL konsidere Pòtabilite nimewo se yon sèvis obligatwa pou abòne yo. Li pral kreye yon teren konpetisyon ki pi an sante ant operatè yo, ki pral oblije ofri pi bon sèvis pou rantabilize envestisman yo. Kliyan yo ap plenyen plis chak jou pou move kalite sèvis la. Kenbe nimewo telefòn yo se prensipal baryè ki anpeche yo chwazi operatè ki ofri pi bon avantaj yo. Pòtabilite a pral yon eleman enpòtan nan libète chwa abòne a.