Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Participation d’Haïti au Salon ITU Telecom World 2016

Soti 14 rive 17 novanm 2016, direktè jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) te patisipe nan Bangkok (Tayland) nan Salon yo rele ITU Telecom World.

Soti 14 rive 17 novanm 2016, direktè jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) te patisipe nan Bangkok (Tayland) nan Salon yo rele ITU Telecom World, pi gwo evènman mondyal sou inovasyon nan sektè Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) Inyon entènasyonal telekominikasyon (UIT) òganize. Salon sa a, ki te konsakre ane sa a a « kreyasyon yon gwo platfòm sipò pou PME, jèn antrepriz, antreprenè ak pòl ak akseleratè inovasyon – patnè endispansab ekonomi nimerik la », te rasanble, yon lòt fwa ankò, patisipan sektè piblik ak prive, aktè TIC yo, tankou PME, ki soti nan tout mond lan.

Enjenyè Jean Marie ALTEMA pwofite Salon sa a pou l rankontre responsab Inyon entènasyonal Telekominikasyon yo, tankou sekretè jeneral la, Msye Houlin Zhao, direktè Biwo devlopman telekominikasyon, Msye Brahima Sanou. Diskisyon yo te konsantre sitou sou pwojè ki gen rapò ak Asistans teknik sou telekominikasyon ijans, fòmasyon, antreprenarya jèn nan ekonomi nimerik ak enklizyon finansye, fanm nan teknoloji, devlopman sèvis gwo bann sou yon mache konpetitif, ranfòsman kapasite ak lòt pwen ki trete regilasyon. Msye Altéma te pale tou ak ansyen Sekretè jeneral òganizasyon sa a, Msye Hammadoun Touré, sou pwojè « Smart Africa » ak reprezantan enfliyan sektè TIC la ak gwo pèsonalite entènasyonal pou egzamine posiblite patenarya, echanj ak bon pratik. Direktè jeneral Conatel la te patisipe jedi 17 novanm 2016 nan yon panèl diskisyon sou Kominikasyon ijans.

Fò n note edisyon 2016 la te gen kòm prensipal aks ankouraje kolaborasyon nan ekonomi nimerik la, wòl kle PME teknolojik yo jwe nan ekosistèm nimerik nou an ak envestisman inovatè pou konektivite mondyal. Objektif gwo evènman entènasyonal Nasyonzini sa a nan domèn teknoloji se prezante e dekouvri dènye inovasyon yo, men tou rasanble tout aktè yo pou diskite e eksplore pèspektiv evolisyon TIC yo.