.webp&w=3840&q=75)
Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) enfòme piblik la an jeneral ak laprès an patikilye yon rankont CONATEL te konvoke te fèt madi 25 jiyè 2017...
Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) enfòme piblik la an jeneral ak laprès an patikilye yon rankont CONATEL te konvoke te fèt madi 25 jiyè 2017 nan lokal li ki chita nan Avni Christophe ak INDOTEL (Instituto Dominicano de telecomunicaciones), pou atake pwoblèm entèferans nan vil fwontyè ant de peyi yo.
Reyinyon travay sa a te pèmèt de (2) regilatè yo jwenn chemen solisyon komen pou pwoblèm ki afekte kalite sèvis operatè lokal yo bay, ki fè yo pèdi revni e ki afekte devlopman kiltirèl de bò fwontyè a. Yon gwoup travay konjwen pral fè misyon teknik de (2) bò fwontyè a pou mezire nivo entèferans, penetrasyon ak pètibasyon youn sou lòt.
Nan yon kad ki pi laj, pati yo tonbe dakò sou nesesite pou revize pwotokòl dakò 2007 la pou atake pwoblèm aktyèl yo pou antisipe devlopman 4G, tranzisyon nan Televizyon Nimerik Tèrès e tou etidye posiblite pou gen ajanda komen lè y ap patisipe nan reyinyon estatitè sou plan entènasyonal. Yo te abòde anpil lòt pwen, tankou kesyon pri roaming ant de peyi yo. Kidonk, se konsidere yon regilasyon kolaboratif pa sèlman sou plan teknik men tou sou plan regilasyon mache yo. Rankont lan fini sou pèspektiv ki enteresan anpil e Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Jean David Rodney, pwofite pou l envite kòlèg dominiken li nan Salon Ekonomi Nimerik ki pral fèt nan peyi a an novanm k ap vini an.
Delegasyon Dominiken an te gen ladan l Prezidan INDOTEL, Direktris Egzekitif la ak Direktè Teknik la, Senatè Elías Piña, yon vil fwontyè ak Repiblik Ayiti, Anbasadè Dominiken an Ayiti, premye Sekretè Anbasad la an Ayiti ak yon manm Laprès.
Inite kominikasyon CONATEL

