
Yon reyinyon te fèt mèkredi 19 Jiyè 2017 sa a ant Direktè Jeneral CONATEL la ak Manm Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH) nan lokal asosyasyon an.
Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) enfòme piblik la an jeneral ak laprès an patikilye, nan kad yon apwòch regilasyon kolaboratif, yon reyinyon te fèt mèkredi 19 Jiyè 2017 sa a ant Direktè Jeneral CONATEL la ak Manm Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH) nan lokal asosyasyon an ki chita Petyonvil. Pandan rankont sa a, diskisyon yo te konsantre sou senk aks estratejik nouvo administrasyon CONATEL la, sitou amenajman nimerik teritwa a, kad jiridik ak regleman an e sitou nesesite pou tout pati ki konsène nan sektè telekominikasyon an travay ansanm nan pèspektiv devlopman Telekominikasyon pou byen popilasyon ayisyen an. Reyinyon sa a, ki te fèt nan yon atmosfè koutwazi, konvivyalite ak echanj ki te bay anpil fwi, te fini nan yon lespri ki vize kenbe dyalòg la pou bòn gouvènans sektè a. De pati yo pran randevou pou yon lòt dat pou apwofondi refleksyon sou avni radyodifizyon ak sektè telekominikasyon an Ayiti.

