
Pasaj siklòn Matthew an Ayiti, 3 ak 4 oktòb 2016, te lakòz gwo pèt nan sektè telekominikasyon an, sitou nan depatman Sid, Grandans ak Nip.
Pasaj siklòn Matthew an Ayiti, 3 ak 4 oktòb 2016, te lakòz gwo pèt nan sektè telekominikasyon an, sitou nan depatman Sid, Grandans ak Nip. Rezo operatè telefoni mobil yo, founisè aksè entènèt yo (FAI), ansanm ak enstalasyon estasyon radyodifizyon yo pa t chape. Yo te sibi gwo domaj tou ki te prèske paralize sèvis yo nan depatman sa yo.
Rezo transmisyon NATCOM te frape anpil pa pasaj siklòn Matthew, sa ki te mete fezo èzyèn ak kab fib optik yo deyò sèvis. Plis pase 250 BTS (ekipman transmisyon, materyèl elektrik ak ti kay, nan pifò ka) te domaje, e plis pase yon santèn sit transmisyon NATCOM te wè gwo poto antèn yo tonbe anba fòs van ki te rive apeprè 240 Km/h. Rezo fib optik li te sibi gwo domaj tou sou plizyè tranch : sou wout nasyonal No2 ak sou wout ki mennen Grandans.
Anplis, wout pou rive nan sit transmisyon yo te koupe akoz kòlè dlo ki te inonde zòn entèvansyon yo. Anplis, yon magazen ki te sèvi pou estoke ekipman te detwi tou. An gwo, pèt NATCOM yo estime a kenz milyon dola ameriken (15M USD).
Digicel, pou pati pa l, te anrejistre gwo domaj tou, sitou yon total 12 poto antèn ki tonbe, 52 BTS deyò sèvis, 36 ekipman transmisyon mikwo-ond ki kanpe, 76 sistèm alimantasyon enèji elektrik ki an pàn (jeneratris, panno solè, batri, akseswa).
Anplis, rezo fib optik li domaje tou nan plizyè pwen sou wout nasyonal No 2 ak sou wout ki mennen Jeremi, kloti sit transmisyon tonbe, e yon magazen depo ekipman konpayi an detwi nan zòn Chadonyè.
Pou “Access Haïti”, yon dizèn sit transmisyon (11 an tout) yo te itilize pou koneksyon èzyèn te detwi. Fò n note tou ka vòl ak kase sit sa yo pa malfektè ak vizitè ki pa t gen bon entansyon, ki te pote batri, envètè ak lòt ekipman enpòtan ale.
Yon lòt bò, pifò poto antèn estasyon radyodifizyon nan depatman nou site yo te tonbe. Ekipman estidyo pwodiksyon ak ekipman difizyon yo domaje grav oswa van an kòlè ak dlo lapli te pote yo ale. Nan demen pasaj siklòn Matthew, se sèlman 2 estasyon radyo FM sou yon trantèn ki te toujou ap emèt nan vil Okay, 2 nan Miragwàn ak 1 nan Jeremi.
Tablo ki anwo a rezime pèt ak domaj yo anrejistre nan sektè telekominikasyon an.

