
Mesye dam Responsab yo, Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) vle avize nou kèk estasyon radyo FM k ap emèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ap fonksyone yon fason ki pa regilye paske paramèt teknik emisyon yo pa respekte limit yo fikse...
Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) vle avize nou kèk estasyon radyo FM k ap emèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ap fonksyone yon fason ki pa regilye paske paramèt teknik emisyon yo pa respekte limit CONATEL fikse dapre nòm ki etabli yo. Estasyon sa yo lakòz entèferans ki fè tò sou estasyon radyo ki gen frekans vwazen, estasyon sèvis kominikasyon ayewonotik, rezo kominikasyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak rezo telefoni mobil yo.
Devan sitiyasyon sa a ki pa ka tolere, CONATEL bay tout estasyon radyo FM nan zòn metwopolitèn Pòtoprens yon delè kenz (15) jou pou yo konfòme yo ak egzijans teknik ki dekri nan tablo ki anba a. Apre delè sa a, Ògàn Regilasyon an pral pibliye estasyon radyo ki ap fonksyone san respè nòm ki etabli yo e li pral oblije fè aplike sanksyon lalwa prevwa kont estasyon sa yo.

