Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Les lycées des Gonaïves et de Saint-Marc reçoivent du CONATEL un laboratoire Informatique

Lendi 10 mas 2014, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, devan pèsonalite nan mond politik ak edikasyon, te inogire kat laboratwa enfòmatik nan kat lise nan vil Gonayiv.

Lendi 10 mas 2014, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, devan pèsonalite nan mond politik ak edikasyon, tankou senatè Repiblik la Jean Willy Jean-Baptiste ak ansyen Senatè depatman Latibonit la Youri Latortue, te inogire kat laboratwa enfòmatik nan kat lise nan vil Gonayiv : lise ki benefisye yo se lise Bisantnè a, lise Jean-Robert Cius, lise Fabre Nicolas Geffrard ak lise Louis Diaquoi. Pandan diferan seremoni inogirasyon sa yo, direktè lekòl sa yo ak elèv yo te remèsye CONATEL chalerezman pou zouti devlopman ak pwogrè sa yo.

Nan demen, madi 11 mas 2014, seyans inogirasyon yo te kontinye nan vil Sen Mak. Vre, Direktè Jeneral CONATEL la te remèt elèv lise Sténio Vincent ak lise Bisantnè Sen Mak de laboratwa tou nèf, chak ekipe ak yon ventèn òdinatè. Depite sikonskripsyon Sen Mak la, ki te prezan nan de seremoni inogirasyon sa yo, felisite dinamis chèf CONATEL la montre lè l reyalize pwogram sa a pou elèv ayisyen yo. Youri Latortue, pou pati pa l, salye nouvo lidèchip ki nan tèt enstitisyon sa a pandan l ap konfye lyseyen Gonayiv ak Sen Mak yo li fèk jwenn doktora li san li pa soti Ayiti, gras ak yon òdinatè ki gen koneksyon entènèt.

Inogirasyon laboratwa enfòmatik sa yo antre nan kad pwojè « Scolaritech » la, CONATEL te lanse 11 septanm 2013, ki gen kòm objektif bay lekòl ak lise nan peyi a yon laboratwa enfòmatik ak aksè Entènèt.