
Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL, Msye Jean Marie Guillaume, te inogire 14 oktòb 2014 yon laboratwa enfòmatik nan lise Jean Marie Vincent Tabarre.
Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL, Msye Jean Marie Guillaume, te inogire 14 oktòb 2014 yon laboratwa enfòmatik nan lise Jean Marie Vincent Tabarre. Aktivite sa a, ki te fèt devan minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl, Msye Nesmy Manigat, antre nan kad pwojè Scolaritech la. Yo te bati l an 1999 ; lise sa a ki resevwa prèske de mil elèv te kraze an gran pati pandan tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Jodi a, li gen 20 sal klas, yon sal konferans, yon espas administratif, yon sekretarya, yon sansora ak yon espas pou yon bibliyotèk ak yon laboratwa enfòmatik dènye kri, yon don Conatel.
Konsa, enstitisyon an bay 25 òdinatè ak pwogram ki fèt espesyalman pou aprantisaj, tankou Linux.
Nan entèvansyon li pandan inogirasyon an, Direktè jeneral CONATEL la, Msye Jean Marie GUILLAUME, raple antouzyasm Gouvènman an te genyen lè l te adopte pwojè Scolaritech la. « Nou gen misyon pou akonpaye jèn Ayisyen yo pou yo pi byen konprann nouvo teknoloji kominikasyon yo e, poukisa pa, ankouraje yo envante materyèl ak lojisyèl pou evolisyon telekominikasyon an Ayiti », Msye Guillaume fè konnen.
« Òdinatè sa yo se yon premye pa, yon premye fenèt ki louvri sou mond teknoloji a. Conatel espere yo pral pèmèt nou apwofondi konesans nou nan domèn ki divès tankou fizik, chimi... men tou jwenn mwayen, solisyon pou modènize teknik aprantisaj yo plis toujou e, poukisa pa, nouvo teknoloji kominikasyon yo », li deklare bay elèv yo. Pou pati pa l, titilè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, Msye Nesmy Manigat, eksprime rekonesans li anvè CONATEL pou sipò li bay edikasyon nouvo e modèn timoun ayisyen yo. Li kontinye pou l di, lè enstitisyon an bay lise yo yon laboratwa enfòmatik, li pèmèt elèv yo mache ak tan an nan domèn enfòmatik ak teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon. Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (TIC) yo endispansab nan sosyete konesans venteyinyèm syèk la. « Lise nou yo dwe tounen lekòl modèn kote yo trete tout domèn », li presize. Nan kad pwogram Scolaritech la, yo deja enstale mil òdinatè nan plizyè lise nan peyi a, tankou 114 nan Grandans, 37 nan depatman Sant, 180 nan Lwès, 120 nan Nòdwès, 60 nan Nòdès, 30 nan Nip, 35 nan Sid ak 214 nan Sidès. Pwogram Scolaritech la fasilite aksè inivèsèl lè l ekipe lekòl ak lòt sant fòmasyon nan peyi a ak materyèl enfòmatik ki endispansab pou elèv ayisyen yo grandi.

