Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Ministre des TPTC en visite de travail au CONATEL !

Minis MTPTC a, Fritz CAILLOT, te pase nan Biwo santral CONATEL pou fè yon seyans travay ak Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an...

Nan apremidi lendi 18 jen 2018, Minis MTPTC a, Fritz CAILLOT, te pase nan Biwo santral CONATEL pou fè yon seyans travay ak Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Jean David RODNEY, sou 5 aks Plan Aksyon enstitisyon enpòtan e estratejik sa a.

Ki 5 aks sa yo, si nou konsidere liy aksyon yo ?

Se kreye yon Anviwònman ki favorab pou devlopman sektè a e mete TIC yo nan sèvis devlopman sosyo-ekonomik ak kiltirèl Ayiti. Liy aksyon pou rive la yo se refòm jiridik ak regleman sektè a, etablisman yon kad lejislatif ak ranfòsman enstitisyonèl CONATEL. Devlopman enfrastrikti TIC yo, sitou miltiplikasyon aksè entènasyonal pa kab anba lanmè an fib optik ak tranzisyon nan televizyon nimerik tèrès. Planifikasyon kad pou bay konsesyon pou eksplwate rezo telekominikasyon mobil katriyèm jenerasyon (4G/LTE). Konsolidasyon regilasyon sektè a sou kalite sèvis yo bay, sibèsekirite, ranfòsman batay kont fwod telefòn, kontwòl trafik (nasyonal ak entènasyonal). Elaborasyon ak aplikasyon yon estrateji VOIP, optimizasyon jesyon spèk la ak regilasyon entèkoneksyon. Pòtabilite nimewo telefòn mobil, mizajou kontra konsesyon, lisans ak otorizasyon yo. Regilarizasyon eksplwatasyon sèvis radyodifizyon yo ak kreyasyon yon Laboratwa nasyonal TIC. Pwoteksyon konsomatè yo, Obsèvatwa mache a, pwomosyon TIC ak ekonomi nimerik.

Amenajman nimerik teritwa a ak aplikasyon TIC pou devlopman atravè yon Politik sèvis inivèsèl ki mete aksan sou telekominikasyon ijans. Ajanda entènasyonal sektè TIC la nan yon kad koperasyon, ki chita sou Koperasyon ekstèn ak Relasyon entènasyonal. Apre li fin revize tout sa lidèchip CONATEL te reyalize ak kote pwosesis aplikasyon Plan estratejik la rive, Msye CAILLOT, Minis titèl Ògàn regilasyon Sektè Telekominikasyon ak TIC yo, ansanm ak DG CONATEL la, te vizite plizyè Direksyon teknik ak Inite, tankou : Direksyon Jiridik, Direksyon Administratif, Direksyon Rezo ak Sèvis, Direksyon Pwospektiv ak Zafè Ekonomik, Direksyon Amenajman Nimerik Teritwa a, Inite Kominikasyon ak Relasyon Piblik, Inite Laboratwa, Inite Enfòmatik, Sèvis Kontablite, ak Dokimantasyon ak Achiv.

Minis TPTC a te kapab enfòme l sou plas, nan men Gwo Kad CONATEL yo, sou sitiyasyon jeneral TIC yo, sitou sou pwosesis lansman 4GLTE pou operatè telefoni mobil yo, sou konfòmite legal estasyon radyodifizyon komèsyal yo ak tranzisyon nan televizyon nimerik an Ayiti, san bliye bon fonksyònman enkibatè Alpha Haïti a ki la, pami lòt bagay, pou bay piblik la Wifi nan tout zòn plas Channmas nan Pòtoprens.

Konsènan dosye dwa retransmisyon Koup di Mond foutbòl 2018 nan Larisi a, Minis CAILLOT te prevwa siyen yon Lèt entansyon pou kòlèg li nan Ekonomi ak Finans. Li te ensiste tou sou ranfòsman enstitisyonèl CONATEL atravè kouvèti ak amenajman nimerik teritwa a, ak ranfòsman Biwo rejyonal yo.

Minis TPTC a, Fritz CAILLOT, te pran angajman pou akonpaye CONATEL nan efò pou rebati Biwo santral li, ki te kraze nan tranblemanntè janvye 2010 la. Pou rezilta travay Atelye CONATEL te òganize 15 ak 16 me 2018 nan Sant Konvansyon BRH sou konfòmite legal estasyon radyodifizyon son komèsyal yo ak aplikasyon plan estratejik tranzisyon nan televizyon nimerik la pa rete sou papye, Msye CAILLOT te bay garanti Griy redevans lan pral pibliye talè nan Jounal ofisyèl Le Moniteur.

Pou Minis CAILLOT ka konprann tout bagay byen, DG CONATEL la, Enj. RODNEY, te prezante anpil okazyon devlopman amonye TIC yo ofri an Ayiti, san li pa kache defi ak menas yo.

Minis titèl CONATEL la, Msye Fritz CAILLOT, ki te parèt satisfè ak enfòmasyon li te jwenn pandan seyans travay sa a, te ale ak menm konviksyon Prezidan Jovenel MOISE te eksprime plizyè fwa a : devlopman amonye TIC yo se yon levye endispansab pou konbat povrete ak soudevlopman an Ayiti.