
Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), Msye Raphaël HOSTY, Enj., te pase nan lokal Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL)...
Nan apremidi vandredi 5 Jiyè 2024, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), Msye Raphaël HOSTY, Enj., te pase nan lokal Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) pou yon seyans travay ak Direktè Jeneral CONATEL la, Enj. Joses JEAN-BAPTISTE.
Se te yon rankont kòdyal kote nouvo Titilè TPTC a te pwofite konnen kijan CONATEL ap regle sektè Telekominikasyon an, travay yo konfye l anba titèl Ministè Travay piblik, Transpò ak Kominikasyon. Minis titèl CONATEL la, Msye Raphaël Hosty, Enj., ki te parèt satisfè ak enfòmasyon li te jwenn pandan seyans travay sa a, te ale ak yon nouvo konpreyansyon travay CONATEL.

