Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Directeur Général du CONATEL rencontre les opérateurs de téléphonie mobile et les fournisseurs d’accès à Internet

Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Joses JEAN BAPTISTE, te rankontre operatè telefoni mobil yo ak founisè aksè Entènèt yo (FAI), vandredi 22 fevriye 2023.

Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Joses JEAN BAPTISTE, te rankontre operatè telefoni mobil yo ak founisè aksè Entènèt yo (FAI), vandredi 22 fevriye 2023. Rankont sa a antre nan kad premye kontak li ak operatè yo, e li fè pati yon seri rankont nouvo Direktè Jeneral la kòmanse depi li pran fonksyon ak diferan aktè sektè Telekominikasyon an : Radyodifizyon, Telefoni ak Founisè aksè Entènèt.

Anvan tout bagay, reprezantan operatè yo swete l siksè nan nouvo fonksyon sa a.

Nan rankont sa a, yo te abòde plizyè sijè, tankou entèkoneksyon, rive STARLINK, ensekirite. Tout operatè yo te plenyen pou konsekans negatif ensekirite a sou operasyon rezo yo. Ensekirite sa a afekte apwovizyonman gaz estasyon baz yo, e li favorize tou sabotaj enfrastrikti yo. Yo te pataje tou enkyetid yo sou entèferans radyoelektrik ki fè operasyon rezo yo tò.

Premye kontak sa a ak operatè yo te yon okazyon pou Direktè Jeneral la, Enj. Joses Jean-Baptiste, raple operatè yo CONATEL, nan misyon regilasyon li, ka, otan ke posib, akonpaye yo pou kreye yon anviwònman ki favorab pou aktivite telekominikasyon.