Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Directeur Général du CONATEL, Joses JEAN BAPTISTE rencontre les employés

Nan yon atmosfè konvivyal, Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an

Nan yon atmosfè konvivyal, Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enj. Joses JEAN BAPTISTE, te rankontre pèsonèl enstitisyon an 10 Mas ki sot pase a. Felisitasyon, plent, revandikasyon ak nouvo pèspektiv te sou ajanda rankont sa a. Enjenyè JEAN BAPTISTE vle tande anplwaye yo pandan l ap motive diferan direksyon yo pou travay pou pwogrè CONATEL.