Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enj. Joses JEAN BAPTISTE, te reponn Envitasyon Radio Club d’Haïti (RCH), ki t ap selebre dimanch 26 Mas 2023 75yèm anivèsè Klib sa a nan Otèl KARIBE.

29 Mas 1948 – 29 Mas 2023, 75 an pasyon, pase tan pou moun ki pasyone pou Radyo Amatè an Ayiti ki regwoupe nan asosyasyon Radio Club d’Haïti (RCH). Pandan selebrasyon sa a, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE pa t manke vante anpil sèvis moun ki pasyone pou radyo amatè yo, ki se pyonye kominikasyon modèn yo, te rann peyi a lè gen katastwòf natirèl.
Pou pati pa l, Msye Jean-Robert Gaillard, Prezidan RCH, te retounen sou gwo moman RCH yo ak bèl ane asosyasyon prestijye yo a.
Ann note yo te paraf yon akò ant CONATEL ak Radio Club d’Haïti pou fòme yon dizèn jèn nan transmisyon Morse, yon fason pou pase flanbo a bay pwochen jenerasyon an.