Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL remet à Roc Solid FM ses équipements pour un nouveau départ

Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te remèt vandredi 6 Jen 2017 sa a yon lo ekipman bay Rev. Pastè Gerard Forges, PDG Estasyon Radyo Roc Solid FM.

Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te remèt vandredi 6 Jen 2017 sa a yon lo ekipman ki gen ladan l yon Exciter ak yon STL receiver mak RVR bay Rev. Pastè Gerard Forges, PDG Estasyon Radyo Roc Solid FM, k ap emèt nan Tabarre 27 sou frekans 104.3. Ekip teknik CONATEL ki gen chaj veye sou bon jesyon spèk radyodifizyon an te sezi ekipman sa yo paske estasyon an pa t respekte nòm fonksyònman Regilatè a etabli yo.

Kòm li te soumèt a volonte lalwa ak egzijans CONATEL, sou lòd Direktè Jeneral la, Enjenyè Jean David RODNEY, ekip Direksyon Radyodifizyon CONATEL la remèt ekipman sa yo bay Radyo Roc Solid FM, ki te regilarize l vit.

Pou pati pa l, Pastè Gerard Forges, ki te kontan anpil, di li santi l flate e an menm tan li felisite CONATEL pou travay regilasyon l ; li kwè nan yon Eta dedwa, fò tout bagay fèt nan lòd ak disiplin, e kòm minis Bondye, li rekonèt li ta dwe kòmanse bay bon egzanp. « Mwen t ap fè tout sa m te kapab pou m reponn egzijans CONATEL, paske peyi a pa ka kontinye nan dezòd. Mèsi ankò CONATEL, e m ap toujou disponib pou m kolabore », li ensiste.