Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL présente son plan stratégique pour la transition de la télévision analogique vers la télévision numérique en Haïti.

Yon rankont sou tranzisyon Televizyon Analojik la nan Televizyon Nimerik te fèt mèkredi 10 out 2016 sa a nan Otèl Marriott.

Yon rankont sou tranzisyon Televizyon Analojik la nan Televizyon Nimerik te fèt mèkredi 10 out 2016 sa a nan Otèl Marriott ant Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) ak operatè sektè telekom ayisyen an, sa vle di responsab estasyon radyo ak televizyon, operatè telefoni mobil ansanm ak founisè aksè entènèt (FAI).

Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie ALTEMA, nan diskou li pou okazyon an nan ouvèti rankont sa a, raple diferan patisipan yo enpòtans tranzisyon nimerik la. « Òganizasyon atelye travay sa a reponn de egzijans : premyèman, se relanse dosye tranzisyon nimerik Administrasyon anvan an te kòmanse a. Yo deja reyalize plizyè travay nan chantye sa a. Pa egzanp, yo te mete Komite Entèministeryèl pou Televizyon Nimerik la sou pye ansanm ak Sekretarya Teknik la. Leta ayisyen adopte nòm ATSC pou TNT a. Yo franchi yon etap nan eksperyans pilòt tranzisyon televizyon Leta a. Yo te fè etid teknik e pwopoze senaryo. Se avantaj nou pa dwe inyore. Dezyèm egzijans ki eksplike atelye sa a soti nan nouvo dinamis Direksyon Jeneral la vle bay sektè radyodifizyon an. Sektè radyodifizyon an dwe jwe yon wòl prensipal nan devlopman sosyo-ekonomik peyi a », li ensiste !

Direktè Jeneral CONATEL la mande tou kolaborasyon abityèl tout aktè yo. « paske pwosesis tranzisyon nimerik la pral oblije fèt nan kad wòl lejislasyon an enpoze nou, se vre, men tou pandan n ap konsidere objektif ak enterè divès gwoup aktè yo. Kidonk, li enpòtan pou yon vrè pwosesis apwopriyasyon angaje », li kontinye.

Nan okazyon an, panelis yo, ki se moun yo konnen anpil nan sektè a pou ekspètiz yo, sa vle di : Jean-Marie Maignan, Direktè Kominikasyon Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Jean David Rodney, Jean Claudy Balan, Schiller Jean Baptiste ak Gregory Domond, ki tout se manm Kabinè Teknik Direksyon Jeneral CONATEL, te abòde plizyè tèm tankou ; « Kote pwosesis tranzisyon an rive / Mizanplas kontèks plan estratejik la, Prezantasyon pwojè plan estratejik tranzisyon an, kontèks, vizyon, objektif ak enjeu tranzisyon an, aks estratejik yo ak fèy wout la ».

Patisipan yo, ki te sòti satisfè ak repons yo, te poze plizyè kesyon tou tankou : Èske Tranzisyon Nimerik Tèrès (TNT) la nesesè ? Kilè tranzisyon an ap fèt ? Ki etap tranzisyon nimerik la ? Èske telespektatè yo pral oblije peye pou yo gade televizyon depi kounye a ? elatriye...

Fò n souliye tou, kanpe televizyon analojik èzyèn nan se yon pwosesis kote yo sispann difize siyal televizyon sou fòm analojik pou ranplase l ak difizyon siyal televizyon sou fòm nimerik. Radyodifizyon televizyon nimerik ofri anpil avantaj, tankou, pami lòt : itilizasyon efikas spèk radyoelektrik la, pi bon kalite imaj, anpil plis sèvis televizyon. Sepandan, kanpe analojik la e pase nan nimerik se yon pwosesis konplike ki mande yon gwo envestisman finansye, yon patisipasyon total tout aktè yo, yon kowòdinasyon efikas ak angajman tout pati ki konsène yo.

Pwosesis pasaj televizyon an nan nimerik te kòmanse nan tout mond lan depi ane 2000, e Konferans Rejyonal Radyokominikasyon ki te fèt Jenèv an 2006 (CRR-06) te apwouve Akò rejyonal pou Rejyon 1 ak 3.