Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL présente l’état des lieux du service de la radiodiffusion sonore en Haïti.

Vandredi 2 septanm 2016, Direksyon jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te prezante laprès yon konferans sou bilan sèvis radyodifizyon son an Ayiti.

Vandredi 2 septanm 2016, Direksyon jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te prezante laprès yon konferans sou bilan sèvis radyodifizyon son an Ayiti.

Direktè jeneral CONATEL la, Jean-Marie Altéma, ansanm ak Direktè Resous Ra yo, enjenyè Jn-Claudy Balan, ak Direktè Biwo depatmantal yo, enjenyè Myrthil Alexandre, te prezante bilan sèvis radyodifizyon son an Ayiti sou plizyè ang. Direktè jeneral CONATEL la, nan prezantasyon l, eksplike enpòtans radyodifizyon an Ayiti ak wòl li jwe nan devlopman sosyo-ekonomik peyi a atravè aksè li bay ak enfòmasyon, edikasyon ak divètisman. « Poukisa yon bilan ? Se paske jodi a, nou gen anpil estasyon radyo ki an sitiyasyon regilye e legal, e anpil lòt tou ki an sitiyasyon iregilye e ilegal. Pandan de dènye semèn yo, mwen te rankontre kèk direktè medya nan Sidès. Yè, mwen te nan Nip pou m dyaloge ak responsab medya depatman sa a pou fè yo konprann responsablite yo genyen kòm pwopriyetè medya nan kominote a. Mwen ensiste sou wòl enpòtan pou yo jwe nan devlopman. Sepandan, anpil moun anvi e vle gen yon estasyon radyo, men yo pa konnen sa lwa di sou sektè a », chèf CONATEL la fè konnen.

Se plis pase 350 estasyon radyo ki otorize legalman ak 347 lòt ki pa otorize oswa ki an sitiyasyon iregilye oswa ilegal k ap opere sou teritwa nasyonal la. Malgre sa, n ap resevwa plis demann chak jou nan men moun ki vle gen yon frekans radyo alòske bann frekans lan satire anpil nan kèk zòn, nimewo en CONATEL la, Jean Marie Altéma, ajoute.

Pou pati pa l, Jean Claudy Balan, Direktè Resous Ra yo, te fè yon prezantasyon ki yon ti jan pi teknik pandan l ap rete nan objektif prezantasyon DG CONATEL la sou bilan radyodifizyon an Ayiti. Enjenyè Balan eksplike bann frekans yo atribye pou radyodifizyon son FM se : 88 a 108 MHz, e diferans frekans yo rekòmande ant de estasyon ki gen frekans kole sou menm sit emisyon se : 400 kHz. Sepandan, diferans frekans yo rekòmande ant 2 estasyon ki gen frekans kole k ap emèt nan de zòn kole se omwen 200 kHz. Li prezante tou plan frekans radyodifizyon FM Inyon Entènasyonal telekominikasyon (UIT) etabli yo : Plan 1 (Pòtoprens / Okap / Okay) : 88.1 – 88.5 – 88.9 – 89.3 -… - 107.7 MHz ; Plan 2 (lòt zòn yo) : 88.3 – 88.7 – 89.1 – 89.5 - ... - 107.9 MHz

Diferan plan kanalizasyon frekans pa zòn atribisyon pisans otorize yo se konsa : Pòtoprens ak yon pisans 1000 W, Okap : 500 W, Okay : 500 W, Gonayiv : 300 W, yo konsidere l fè pati plan 1. Plan 2 kanalizasyon an gen zòn ak pisans sa yo : Jakmèl/Gonayiv 300 W, Miragwàn/Jeremi 300 W, Ench / Pòdepè 300 W. Direktè resous ra yo, Jean Claudy Balan, te prezante tablo zòn ki satire yo. Nan fen prezantasyon an, Direktè jeneral CONATEL la te mete aksan tou sou pwoblèm entèferans plizyè estasyon radyo lakòz nan kominikasyon ayewonotik yo. Sa konn anpeche yon pi bon kominikasyon ant pilòt avyon yo ak Ofis Nasyonal Avyasyon Sivil (OFNAC).

Msye Altéma eksplike li konstate tou yon sòt de lagè ant estasyon radyo yo, yo ogmante pisans emisyon yo san mezi. Yo pa konsidere kritè teknik tankou : kote poto antèn yo ye ak limit pisans lan. Direktè jeneral CONATEL la anonse tou yon seri mezi kont moun ki pa respekte lalwa. Yon travay enspeksyon poto antèn deja kòmanse depi plizyè semèn e pral gen yon idantifikasyon jewolokalize poto sa yo. Akoz satirasyon bann frekans yo, Direktè ALTEMA pwofite anonse yo p ap resevwa demann pou nouvo frekans paske pa gen mwayen pou satisfè yo.