Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Célébration de la Journée mondiale de la télévision en Haïti : accélération vers le numérique au service de l’éducation et de l’innovation

« Ogmante aksè ak sèvis Entènèt gwo debi an Ayiti e etabli baz rezilyans nimerik » se objektif Pwojè Akselerasyon Nimerik Ayiti a vize.

« Ogmante aksè ak sèvis Entènèt gwo debi an Ayiti e etabli baz rezilyans nimerik » se objektif Pwojè Akselerasyon Nimerik Ayiti a vize.

Yon atelye enfòmasyon ak pati ki konsène yo te fèt mèkredi 14 jen 2023 nan Otèl EL RANCHO.

Pwojè sa a, Bank Mondyal finanse, HAITI DIGITAL ACCELERATION PROJECT (HDAP), vize favorize amelyorasyon konektivite nimerik, ranfòse rezilyans gouvènman an ak enstitisyon yo pou pi byen eksplwate ekonomi nimerik la. Se Inite Santral Egzekisyon (UCE) Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) ki asire jesyon administratif HDAP.

Dapre Marolla Haddad, espesyalis siperyè nan devlopman nimerik nan pòl ekspètiz Bank Mondyal la nan sektè TIC yo, HDAP pral ede administrasyon piblik la pi efikas nan sèvis li bay popilasyon an.

Lè l te entèvni nan Atelye Enfòmasyon Pwojè Akselerasyon Nimerik Ayiti sa a, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), Enj. Rosemond PRADEL, deklare : « Pwojè Akselerasyon Nimerik Ayiti a dwe solid, otonòm, menm apre Bank Mondyal ale, e li dwe favorize itilizasyon TIC yo ». HAITI DIGITAL ACCELERATION PROJECT (HDAP) dwe yon pwen depa pou yon ekonomi modèn, Minis Rosemond Pradel ajoute.

Pandan entèvansyon l, Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enj. Joses JEAN BAPTISTE, pou pati pa l, estime pwojè HDAP la pral efikas lè diferan sektè yo : Founisè ak itilizatè sèvis entènèt gwo debi yo, va fin apwopriye l kòmsadwa.

An rezime, pwojè a pral ede poze baz ekonomi nimerik la lè l fasilite komès atravè Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) yo pandan l ap ogmante konpetitivite sektè prive a, kontribye nan devlopman vil yo e kreye nouvo okazyon travay, sitou pou Jèn yo.