
Lise Pierre Eustache Daniel Fignolé gen yon laboratwa enfòmatik modèn, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an bay nan kad pwojè Amenajman Nimerik Teritwa a ; laboratwa sa a gen yon ventèn òdinatè an rezo e ki tout konekte ak Entènèt.
Otorite Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) yo te inogire mèkredi 11 Oktòb 2017 sa a yon laboratwa enfòmatik nan Lise Pierre Eustache Daniel Fignolé Dèlma. Se yon sal ki ekipe ak yon ventèn òdinatè resan. Seremoni sa a te fèt devan plizyè gwo pèsonalite, tankou Depite Komin Dèlma a, Onorab Garry Bodeau, Direktè Lise Pierre Eustache Daniel Fignolé, Msye Carnol Anelas ak notab zòn ki toupre yo. Dapre Direktè Lise a, pwofesè Carnol Anelas, sipò sa a rive nan bon moman, paske l pral pèmèt elèv yo apwofondi konesans yo, lè yo fè rechèch e pi byen prepare devwa yo, li fè konnen ! Li pwofite felisite Direktè Jeneral CONATEL la, Jean David RODNEY, pou sipò ki tèlman enpòtan sa a pou Lise a e li remèsye Enstitisyon Regilasyon an pou travay li fè nan peyi a nan domèn Telekominikasyon ak Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon.
Depite Garry Bodeau, pou pati pa l, remèsye CONATEL tou pou tout sipò li bay Lise nan katye kote l te grandi a. Li eksprime swè tou pou akonpayman sa a pa kanpe la ; pou yo enstale lòt laboratwa nan lòt Lise Dèlma yo, tankou sa Dèlma 33 ak Dèlma 75.
Pou pati pa l, Enjenyè Hervé Guillite, Direktè DSUANT, ki t ap reprezante Direktè Jeneral la, Enjenyè Jean David Rodney, ki pa t ka la pou okazyon an, mande elèv yo pwofite maksimòm okazyon yo ba yo pou yo gen yon labo enfòmatik pou yo pi byen fòme yo e anrichi konesans yo.
Zouti enfòmasyon sa a pral pèmèt elèv yo mache ak tan an nan domèn enfòmatik ak teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon. Dapre Msye Guillite, laboratwa sa a ta dwe ede elèv yo aprann nan pi bon kondisyon, li konkli !
CONATEL gen entansyon kontinye travay sa a nan liy dwat politik gouvènman an, pandan l ap mete teknoloji yo a pòte tout kouch popilasyon an, sitou jèn yo.

