Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL maintient le cap sur la portabilité des numéros

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) anonse relans pwojè Pòtabilite nimewo telefòn mobil an Ayiti devan reprezantan de Operatè rezo mobil yo, Natcom ak Digicel.

Lendi 10 Mas 2021 sa a, Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) anonse relans pwojè Pòtabilite nimewo telefòn mobil an Ayiti devan reprezantan de Operatè rezo mobil yo, Natcom ak Digicel. Pòtabilite a se posiblite yon abòne genyen pou l kenbe nimewo telefòn li lè l chanje operatè telefòn. Pwojè pòtabilite nimewo mobil la te kòmanse an 2013 anba administrasyon Direktè Jeneral lè sa a, Msye Léon Jean Marie GUILLAUME. Jodi a, nouvo administrasyon Msye GUILLAUME, ki eksprime ijans pwojè a, estime pòtabilite nimewo a pral pèmèt amelyore kalite sèvis telefòn mobil yo. Se nan kontèks sa a yo relanse pòtabilite a. Pou pwojè a reyisi nèt, CONATEL fè apèl a konpayi espesyalize Laurassia Associates. Konpayi sa a deja fè aplikasyon pòtabilite a nan plizyè peyi. James Wild, Direktè Laurassia Associates, pandan patisipasyon l nan yon videyo-konferans, te prezante pwogram aplikasyon Sèvis Pòtabilite a. Li te prezante tou yon kalandriye travay pou rive nan objektif Direktè Jeneral CONATEL la fikse. Yo fikse yon dat limit nan twazyèm trimès ane 2021 pou reyalize pwojè a.