
Direktè Jeneral Ògàn regilasyon Sektè Telekominikasyon an, Enjenyè Jean David RODNEY, ak tout Anplwaye yo te patisipe nan fèt la, ki te bay okazyon tou pou onore sis (6) moun yo te chwazi kòm « Anplwaye Ane a ».
Yo te selebre Jounen Mondyal Fonksyon Piblik la 22 Jen 2018 sa a sou tèm : « ANN SELEBRE MERIT NAN FONKSYON PIBLIK LA ». Direktè Jeneral Ògàn regilasyon Sektè Telekominikasyon an, Enjenyè Jean David RODNEY, ak tout Anplwaye yo te patisipe nan fèt la, ki te bay okazyon tou pou onore sis (6) moun yo te chwazi kòm « Anplwaye Ane a ».
Se : Huguens Previlon, Romish Romulus, Jacquesone Charles, Evans Millevoix, Emmanuel Michel Jourdain, Gidna Chekele Etienne, ki chak te resevwa yon ‘’Plak onè ak merit’’ nan men Direktè Jeneral la.
Yo te selebre l bò lanmè ; Jounen Mondyal Fonksyon Piblik 2018 la te yon siksè gras ak enplikasyon ak patisipasyon anplwaye yo nan planifikasyon ak reyalizasyon pwogram sa a.

