
Ak kolaboratè l yo bò kote l, direktè diferan inite, konsiltan ak lòt, Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enjenyè Jean David Jean Rodney, te bay mèkredi 27 septanm 2017 sa a yon Konferans pou Laprès nan okazyon Komemorasyon 48yèm anivèsè enstitisyon an...
Ak kolaboratè l yo bò kote l, direktè diferan inite, konsiltan ak lòt, Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Enjenyè Jean David Jean Rodney, te bay mèkredi 27 septanm 2017 sa a yon Konferans pou Laprès nan okazyon Komemorasyon 48yèm anivèsè enstitisyon k ap regle Sektè telekominikasyon an. Li pwofite pou l fè bilan administrasyon l pou senk dènye mwa yo.
Senk (5) aks Plan Aksyon an, ki pote etikèt ‘’Jodi a, CONATEL demen’’, te pwen santral tout bagay te vire otou l, depi nan prezantasyon an, pase pa kesyon jounalis yo, rive nan eklèsisman Direktè Jeneral la.
Enjenyè RODNEY, atravè mikwo ak kamera ki te la yo, mete aksyon l an pèspektiv nan kòmansman pwochen egzèsis fiskal la. Li klarifye tou apwòch estratejik li sou rezolisyon pwoblèm piratri èzyèn ak pwoteksyon konsomatè yo.
Li reponn anpil kesyon sou pwoblèm ki gen rapò ak regilarizasyon plizyè estasyon radyo ki ilegal dapre nòm CONATEL etabli yo. Yo te eklèsi tou enjeu Pòtabilite a ak Tranzisyon Televizyon Analojik la nan Nimerik. Direktè Jeneral la anonse tou relans travay Konpayi Porting, yon konpayi Olandè, sou analiz ak evalyasyon nesesite pwojè a.
Enjenyè RODNEY presize tou ijans pou revize kad legal ki an vigè a, ki soti 12 oktòb 1977, ak gwo nesesite pou bay sektè sa a ki gen anpil potansyèl yon nouvo kad regleman ki adapte ak egzijans nasyonal ak entènasyonal yo.
Nouvo sitiyasyon an klè : CONATEL ap soufle karannuit bouji li ak van an favè yon administrasyon ki anbisye nan panse l, vizyon l ak aksyon l.

