
Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Léon Jean Marie Guillaumme, te remèt, jedi 25 Mas 2021 sa a, yon senkantèn òdinatè pou ranfòse laboratwa enfòmatik ENS ak INAGHEI.
Direktè Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Léon Jean Marie Guillaumme, te remèt, jedi 25 Mas 2021 sa a, yon senkantèn òdinatè pou ranfòse laboratwa enfòmatik ENS ak INAGHEI.
Direktè Jeneral CONATEL la pwofite seremoni remiz òdinatè yo pou l raple patisipasyon Natcom nan kad pwogram SCOLARITECH la. Pwogram sa a vize mete laboratwa enfòmatik nan lekòl piblik ak sant inivèsitè nan peyi a. Chak nan enstitisyon sa yo te resevwa 25 òdinatè. Kidonk, li envite responsab ak etidyan enstitisyon sa yo pou yo sèvi ak òdinatè yo byen, menm jan ak Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv ki te resevwa plis pase yon senkantèn òdinatè an 2016.
Pou pati pa l, dwayen INAGHEI a, Msye Robert Joseph, remèsye Direktè Jeneral CONATEL la e li salye jan CONATEL te reponn vit nan bezwen ijan INAGHEI te genyen.
Nan menm sans lan, dwayen Lekòl Nòmal Siperyè a, Msye Prédelus Dieusseul, souliye enpòtans don 50 òdinatè sa a.
Vis-prezidan komite etidyan INAGHEI a salye demach CONATEL sa a nan non etidyan yo pandan l ap remèsye CONATEL an patikilye pou sistèm pwoteksyon (antiviris) yo pral enstale nan òdinatè yo.
Evènman an antre tou nan kad kanpay CONATEL pou penetrasyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo nan peyi a.

