
Ansanm ak plizyè òganizasyon k ap goumen pou emansipasyon fanm ayisyen, tankou : CHAPS (Sant Ayisyen Pwomosyon Sosyal) ak AAFHAMR (Asosyasyon pou Otonomizasyon Fanm ki gen Mobilite Redwi), Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te komemore...
Ansanm ak plizyè òganizasyon k ap goumen pou emansipasyon fanm ayisyen, tankou : CHAPS (Sant Ayisyen Pwomosyon Sosyal) ak AAFHAMR (Asosyasyon pou Otonomizasyon Fanm ki gen Mobilite Redwi), Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te komemore Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo avèk siksè, Jedi 8 mas 2018 sa a, sou tèm : « Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) ak Antreprenarya fanm (Fòmalizasyon byen enfòmèl) », yon aktivite ki te rasanble prèske yon santèn fanm.
Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Jean David RODNEY, nan diskou li pou okazyon an, salye prezans tout fanm ki te la nan aktivite sa a ak kouraj yo nan lavi chak jou.
Chèf CONATEL la salye an patikilye fanm ki travay nan CONATEL, ki, dapre li, jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan sa enstitisyon regilasyon an ye jodi a. Li pwofite pou l bay uit (8) nan yo plak Onè ak merit kòm ankourajman pou sipò yo bay nan pwogrè Administrasyon l ap dirije a.

