Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL célèbre en grande pompe la Journée Mondiale des Fonctionnaires

Sou inisyativ Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) e sou demann Ofis Manadjman ak Resous Imen (OMRH), CONATEL te selebre ak gwo ponp...

Sou inisyativ Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) e sou demann Ofis Manadjman ak Resous Imen (OMRH), CONATEL te selebre ak gwo ponp, jedi 22 jen 2023 sa a, Jounen mondyal Fonksyon Piblik la, kòm prelid Jounen Mondyal Fonksyonè yo Vandredi 23 jen 2023, sou tèm : « Yon Fonksyon piblik k ap transfòme, ki pi atiran e ki pi louvri pou sèvi efikasite Administrasyon an ».

Delegasyon anplwaye ki soti nan tout biwo rejyonal nèf depatman jewografik peyi a te rejwenn sa ki nan biwo santral la pou patisipe ak kè kontan nan manifestasyon yo te òganize nan lokal enstitisyon an. Apre yo fin monte Drapo a, Pastè Osner FÉVRY priye pou asistans lan, pandan l ap mete aksan, nan lapriyè l, sou enpòtans jistis nan fonksyon piblik ayisyen an.

Pou pati pa l, Msye Adlaire DUMOND, Direktè Adjwen Sèvis Resous Imen CONATEL la, fè mizanplas kontèks ak istorik selebrasyon jounen sa a depi Nasyonzini te kreye l an 2003 rive jodi a.

Pandan entèvansyon l, Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, mete an avan valè ki dwe kontribye nan grandisman Enstitisyon an. Konsa, li plede pou sèvis ki pi efikas nan CONATEL e li pwofite renouvle angajman l konsènan migrasyon Televizyon analojik la nan nimerik, jan Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) rekòmande l bay tout administrasyon nasyonal yo.

Nan okazyon selebrasyon sa a, yo te onore anplwaye ki pi ansyen nan CONATEL ak sètifika ak plak onè. Madanm Niketa DONATIEN, chèf Sèvis Resous Imen enstitisyon an, te chwazi pi bon anplwaye ane 2023 la.

Se Ti SAKS ak kolaboratè l yo ansanm ak twoup Gym Danse ki te anime pati kiltirèl la.

Pou kouwone tout bagay, Enstitisyon an fè anplwaye yo kontan lè l ba yo bèl prim.