Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Conatel au 6e Congrès International Annuel sur le spectre radioélectrique en Colombie

Direktè jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Jean Marie Altéma, te patisipe 27 ak 28 jen ki sot pase yo nan 6yèm Kongrè Entènasyonal Anyèl sou spèk la nan Kolonbi.

Direktè jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Jean Marie Altéma, te patisipe 27 ak 28 jen ki sot pase yo nan 6yèm Kongrè Entènasyonal Anyèl sou spèk la nan Kolonbi. Li te akonpaye pa youn nan manm kabinè l, Joses Jean-Baptiste, ak Direktè finansye enstitisyon an, Jean Kentz Elvariste.

6yèm edisyon kongrè Entènasyonal Anyèl sou spèk radyoelektrik la (tout ond oswa frekans yo itilize nan telekominikasyon) te òganize pa Ajans Nasyonal Spèk Kolonbyen an (ANE). Mezi chan elektwomayetik yo te nè santral diferan prezantasyon rankont anyèl entènasyonal sa a.

Diferan peyi, tankou Meksik, Brezil, Etazini, te pataje eksperyans yo sou tranzisyon televizyon analojik la nan nimerik. Pou Meksik, pwosesis sa a pral fini an septanm ane sa a. Pwosesis tranzisyon Brezil la pral fini an desanm 2018, alòske li te kòmanse depi fevriye 2006. Pa Etazini an te dire 13 an. Yo te lanse l depi 1996.

Delegasyon CONATEL la te pwofite kongrè sa a pou vizite Otorite Nasyonal Televizyon (ANTV). Otorite sa a okipe sèlman spèk pou radyo ak televizyon nan Kolonbi. Rankont sa a te yon okazyon pou reprezantan ayisyen yo pwofite pataj eksperyans responsab ANTV yo sou tranzisyon Kolonbi nan televizyon nimerik, ki gen pwosesis ki pral fini 31 desanm 2017.

Ann souliye, bò kote ayisyen an, rapò sou tranzisyon nimerik la fin pare. Pwosesis la pral kòmanse vre apre konsètasyon tout antite ki konsène yo.