Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL apporte les TIC aux étudiants de l'Ecole de droit de Saint-Marc

Nan okazyon fèt pou komemore 319yèm anivèsè fondasyon vil Sen Mak, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire, vandredi 25 avril ki sot pase a, yon laboratwa enfòmatik nan Lekòl dwa vil sa a.

Nan okazyon fèt pou komemore 319yèm anivèsè fondasyon vil Sen Mak, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire, vandredi 25 avril ki sot pase a, yon laboratwa enfòmatik nan Lekòl dwa vil sa a.

Seremoni inogirasyon an te fèt devan kèk otorite Vil Nissage Saget, tankou depite sikonskripsyon an, Altès Toussaint, ansanm ak majistra a, Jean Rony Eugène.

Mèt Vital Absalon, dwayen lekòl dwa a, nan diskou li pou okazyon an, te prezante pi sensè remèsiman li bay moun ki te lanse pwogram sa a ak tout moun ki te kontribye pou l reyisi. Li souliye tou, nan 28 an egzistans, se premye fwa enstitisyon l ap dirije a jwenn yon atansyon konsa.

« Etidyan Lekòl dwa yo ka fè rechèch fasilman kounye a pou prepare memwa sòti yo », dwayen Absalon di kè kontan. Li pwomèt, nan non etidyan l yo, yo pral sèvi ak sant sibènetik sa a byen. Nonm lalwa a pran angajman pou bon administrasyon l.

Rose Nésmy Saint-Louis, reprezantan CONATEL, nan plas direktè jeneral la, renouvle, nan pawòl li pou okazyon an, lafwa li ki pa ka brannen nan edikasyon. Apre sa, li mande etidyan yo pwofite maksimòm avantaj òdinatè yo ofri, « zouti pwogrè sa yo ».

« Gen aksè ak òdinatè ki konekte ak Entènèt se yon bagay enpòtan », depite Altès Toussaint deklare. Li di li kontan inogire laboratwa enfòmatik sa a. Ansyen pwofesè Lekòl dwa Sen Mak la pran angajman pou l fè demach pou bay enstitisyon sa a pwòp lokal pa l ak yon bibliyotèk talè.

Apre Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv, Lekòl dwa Sen Mak se dezyèm enstitisyon ansèyman siperyè ki benefisye yon laboratwa enfòmatik nan kad pwojè « SCOLARITECH » CONATEL ak NATCOM te lanse 11 septanm 2013. Pwojè a vize enstale laboratwa enfòmatik ak aksè Entènèt nan kèk lekòl ak lise nan peyi a.