Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le Directeur Général M.Jean Marie Guillaume, entouré (à gauche) du Sénateur Wencesclass Lambert et (à droite) du maire de Marigot Myrthil Fifon.

Gras ak pwojè « SCOLARITECH », teknoloji ap rive ak gwo vitès nan depatman Sidès. Lè l inogire, 15 ak 16 janvye 2014, kat laboratwa enfòmatik nan lekòl kat komin nan depatman an...

Gras ak pwojè « SCOLARITECH », teknoloji ap rive ak gwo vitès nan depatman Sidès. Lè l inogire, 15 ak 16 janvye 2014, kat laboratwa enfòmatik nan lekòl kat komin nan depatman an, Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, fè "yon gwo pa" nan konkretizasyon vizyon li pou yon "sosyete enfòmasyon" ki enklizif an Ayiti.

Raman yon patenarya te tèlman inovatè e yon pwojè tèlman anbisye. Conatel ak National Communication S.A (Natcom) mete tèt ansanm pou fè teknoloji a aksesib pou plizyè milye jèn, elèv ak lyseyen nan Sidès. Youn bay òdinatè yo, lòt la bay aksè Entènèt gratis. Tankou yon karavanye teknoloji, DG Conatel la, Msye Jean Marie Guillaume, te ale nan komin Marigo, Kayjakmèl, Lavale Jakmèl ak Jakmèl pou fè seremoni inogirasyon sant sibènetik sa yo. Tout sa, nan espas de jou. Lise Henry Christophe Marigo, lise Wolson Chancy Kayjakmèl, Lekòl Nasyonal Kongreganis Léonce Mergie Lavale Jakmèl ak lise Célie Lamour Jakmèl se sit ki fèk resevwa laboratwa enfòmatik yo.

Responsab lekòl sa yo, direktè, sansè ak pwofesè, salye inisyativ sa a ki, dapre yo, se yon gwo garanti nan long pwosesis modènizasyon ansèyman an Ayiti. Prensipal benefisyè pwojè sa a, elèv ak lyseyen, pwomèt pou yo sèvi ak zouti presye sa yo byen pandan y ap remèsye DG Guillaume chalerezman.

Anplis, Msye Guillaume jije l bon pou l presize pwojè sa a te ka fèt gras ak don 2000 òdinatè li te resevwa. « Depatman Sidès la se sèlman yon etap pou pwojè sa a ; talè CONATEL pral pran direksyon depatman Nò ak Nòdès », li anonse. Si nimewo en Conatel la pa t devwale kòb egzak pwogram sa a koute, li te eksplike kanmenm lojisyèl operasyon òdinatè sa yo itilize a pèmèt ekonomize yon bon montan. DG Conatel la pwomèt tou pou l fè responsab sal enfòmatik enstitisyon benefisyè yo pral chwazi yo vini Pòtoprens pou yon seyans fòmasyon.

Apre diskou tradisyonèl pou okazyon an, teknisyen Conatel yo te pèmèt kèk jèn teste òdinatè yo, navige kèk moman sou entènèt. Kèk nan yo te konfese se te premye fwa nan lavi yo yo te jwenn aksè ak Entènèt. « Se yon moman ki pral rete grave nan memwa m pou tout tan », Marken, elèv 1ye nan lise Henry Christophe Marigo, deklare. Pou kounye a, jèn kat komin sa yo gen a dispozisyon yo yon sal enfòmatik ki gen apeprè yon ventèn òdinatè tou nèf, yon kantite ki pral ogmante, si nou kwè Msye Guillaume. Tout ap depann de jan yo sèvi avè l. Direktè lekòl sa yo, ki resevwa moun byen, te make chak inogirasyon, selon mwayen yo, ak yon ti kolasyon senp, zanmitay e san fòmalite. Yon anbyans konvivyal ki pa t anpeche responsab sa yo leve pwoblèm enèji ki deranje fonksyònman regilye laboratwa enfòmatik sa yo.