Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Le CONATEL accueille les miss de la USB , Unity School of Business .

Nan kad yon seri vizit nan divès administrasyon piblik ak prive Direksyon USB te prevwa ak kandida miss gwo konkou « Miss USB 2014 » la, Direksyon Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te resevwa nan lokal li, vandredi 16 Me 2014 sa a, bèl kandida k ap konpetisyon pou kouwòn ane sa a.

Diferan de enstitisyon yo te deja vizite yo, lavèy Selebrasyon Jounen Mondyal Telekominikasyon, yo selebre chak ane 17 me atravè mond lan, CONATEL te òganize yon jounen fòmasyon ak edikasyon pou kandida miss USB yo sou enpòtans TIC yo.

Nan jounen fòmasyon sa a, plizyè konesè nan diferan branch nan CONATEL te entèvni, tankou : Mèt Pavel Justilien, Chèf Sèvis nan Inite Jiridik la, ak Enj. Faustin Jean Roy, Chèf Sèvis nan Inite Resous Ra yo.

Tout kandida yo te sòti satisfè e yo felisite Direktè Jeneral la, Msye Jean Marie Guillaume, ki, dapre yo, ap fè yon bon travay nan tèt enstitisyon k ap regle sektè telekominikasyon an. Anmenmtan, Msye Guillaume pwofite felisite jèn espwa peyi a sa yo paske yo te oze lanse yo nan yon konkou konsa. Direktè Jeneral la te bay jèn Medgine Joseph, ki te poze yon kesyon pètinan sou TIC yo, yon laptop.