
Apre fòmasyon IPv6 CONATEL, LACNIC ak lòt patnè tankou AHTIC ak Pwogram AYITIC GOES GLOBAL te òganize ansanm, yon rankont te fèt nan lokal CONATEL...
Apre fòmasyon IPv6 CONATEL, LACNIC ak lòt patnè tankou AHTIC ak Pwogram AYITIC GOES GLOBAL te òganize ansanm, yon rankont te fèt nan lokal CONATEL mèkredi 16 me 2018 ant Direktè jeneral la ak yon delegasyon LACNIC sou mizanplas yon kad koperasyon sou pwen sa yo :
Kontinye fòmasyon IPv6 anliy pou moun ki te resevwa l yo ak kèk Kad CONATEL ; Sipò LACNIC pou mete an plas yon CSIRT nan domèn sibèsekirite ; Mizanplas rezo kominotè ki an amoni ak Aks 3 Plan aksyon CONATEL sou amenajman nimerik teritwa nasyonal la ; Sipò pou Regilatè a nan pwosesis gouvènans Entènèt la. Koperasyon sa a ap konkretize ni ak sipò finansye dirèk pou diferan aktivite yo ni ak ankadreman teknik ak mizadispozisyon ekspètiz pou CONATEL nan domèn koperasyon nou site yo. Ansanm ak finansman patisipasyon kad CONATEL yo nan kolòk rejyonal oswa entènasyonal.
Delegasyon LACNIC la prevwa tou lanse 3yèm edisyon AYITIC GOES GLOBAL sou tèm : ‘’Valorize Fanm sou Mache Nimerik la‘’. Se yon inisyativ LACNIC ak CRDI fè ansanm pou amelyore anviwònman travay fanm yo an jeneral atravè TIC yo.

