
Devan notab Kominote Tòbèk, sitou responsab depatmantal edikasyon Nasyonal yo, manm kò pwofesoral la ak elèv Kolèj Justin Lhérisson Tòbèk, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire yon Laboratwa Enfòmatik nan lekòl sa a 17 jen 2023 nan Tòbèk.
Devan notab Kominote Tòbèk, sitou responsab depatmantal edikasyon Nasyonal yo, manm kò pwofesoral la ak elèv Kolèj Justin Lhérisson Tòbèk, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te inogire yon Laboratwa Enfòmatik nan lekòl sa a 17 jen 2023 nan Tòbèk.
Pandan seremoni inogirasyon an, youn nan elèv Kolèj Justin Lhérisson Tòbèk, Judette Elysée, Prezidan NS4, ki te pòtpawòl kamarad li yo, salye inisyativ CONATEL pou l bay Kolèj la laboratwa sa a ki tèlman nesesè pou aprantisaj benefisyè yo. Konsa, li temwaye rekonesans li pou « bèl reyalizasyon » sa a nan kad pwojè SCHOLARITECH CONATEL e li swete tou lekòl ki toupre yo resevwa, yo menm tou, akonpayman regilatè a atravè pwojè sa a pou yo enplante lòt Laboratwa Enfòmatik nan komin nan. Laboratwa Enfòmatik sa a ki la pou sèvi kominote etidyan Tòbèk la gen ven òdinatè ki mete an rezo, ki konekte ak Entènèt e ki ekipe tou ak yon sistèm enèji solè.
Pou pati pa l, Enjenyè Edva ALTEMAR, Chèf delegasyon an, reprezantan Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, ankouraje benefisyè yo sèvi ak materyèl yo byen. « Zouti Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) sa yo pa sèlman pral ede pi byen konprann kou yo, men tou, gras ak koneksyon Entènèt Laboratwa sa a genyen, benefisyè yo pral ka eksplore lòt sous konesans atravè mond lan », li deklare.
Ann note inogirasyon Laboratwa Enfòmatik Kolèj Justin Lhérisson Tòbèk sa a antre nan kad selebrasyon 50yèm anivèsè lekòl sa a.

