
Se nan yon anbyans konvivyal e chalere anpil CONATEL te selebre 49 an egzistans li jedi 27 septanm 2018 sa a...
Se nan yon anbyans konvivyal e chalere anpil CONATEL te selebre 49 an egzistans li jedi 27 septanm 2018 sa a nan katye jeneral enstitisyon an, devan pifò anplwaye l yo, kad li yo ak plizyè gwo envite.
« 49yèm anivèsè CONATEL, sou wout nimerik nan direksyon 50yèm nan » se tèm yo te chwazi pou anivèsè sa a. Komite ki te responsab seremoni an te prepare pou okazyon an yon ajanda rich e varye ki te fè asistans lan plezi. Seremoni an te kòmanse vè midi ak premye kouplè « Desalinyèn » nan, tout patisipan yo te chante ansanm anba direksyon Madanm Benjina Michaud, Inite kominikasyon ak Relasyon Piblik.
Kèk jou anvan, direksyon jeneral la te fè sikile yon kesyonè pou ranmase pèsepsyon global anplwaye yo sou jan enstitisyon an ap mache, pou konnen plent yo, avi yo ak sijesyon yo. Yo te kominike anplwaye yo rezilta ankèt sa a, epi direktè jeneral la, Jean David RODNEY, te kòmante yo pandan seremoni anivèsè a.
Pou pati pa l, Direktris adjwen Resous Imen yo, Madanm Edeline GRACIA, te mete aksan nan entèvansyon l sou lespri kolaborasyon ki dwe amelyore relasyon ant kad ak anplwaye CONATEL yo pou konsolide e kenbe yon klima travay ki kalm e pwodiktif.
Direktè jeneral CONATEL la, Enjenyè Jean David RODNEY, nan pawòl li pou okazyon an, ranfòse apèl pou kowezyon Direktris adjwen Resous Imen an te lanse a ; kowezyon sa a, li sitiye, dwe domine nan enstitisyon an atravè konsètasyon ak lespri kolaborasyon. Li pale tou de anpil difikilte ak kontrent li te oblije fè fas depi li te retounen nan tèt CONATEL an me 2017, sitou yon bès resèt prèske 55%.
Sepandan, li fè asistans lan konnen Chèf Leta a, Msye Jovenel MOISE, ansanm ak minis titèl li a, Msye Fritz CAILLOT (TPTC), te ba li sipò yo nan aplikasyon Plan redresman CONATEL la, ki gen objektif garanti e pwoteje pi gwo enterè popilasyon an ak Leta sou mache TIC yo.
Lè l te pran lapawòl, Direktè Jeneral la pale tou de dispozisyon yo pran pou rive, nan yon fiti pwòch, fè operatè NATCOM ak DIGICEL peye dwa antre yo pou eksplwatasyon 4GLTE/entènèt gwo debi. Li pale tou de obligasyon yo bay operatè yo pou yo peye tout dèt yo genyen anvè regilatè a nan yon ti tan.
Anplis, komemorasyon 49 an egzistans CONATEL te fè plizyè anplwaye kontan, yo chak te genyen yon televizyon/flat screen 65’’ apre yon tiraj osò. Pati kiltirèl ak mizikal pwogram nan te gen pèfòmans ki te wo nivo e ki te bon kalite anpil. Komite òganizatè a te bay direktè jeneral CONATEL la, Enjenyè Jean David RODNEY, ansanm ak Chèf Kabinè l, enjenyè Schiller Jean Baptiste, plak onè tou.
« 49yèm anivèsè CONATEL, sou wout nimerik nan direksyon 50yèm nan »
Inite Kominikasyon ak Relasyon Piblik

