Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
La Télévision Numérique, une réalité en Haïti d ' ici juin 2017

Jodi a an Ayiti, chèn televizyon èzyèn (ond klè) yo difize sou teritwa a ak emetè ki fonksyone nan mòd yo rele « analojik ». Siyal videyo analojik se yon siyal ki varye san rete nan tan an. Se poutèt sa, plis peyi chak jou ap adopte difizyon an mòd nimerik dapre desizyon yo te pran pandan konferans rejyonal Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) nan Jenèv an 2006.

17 jen ki sot pase a te make fen faz konsepsyon Tranzisyon Nimerik Tèrès an Ayiti. Televizyon nimerik pral ranplase televizyon analojik piti piti e l ap pwopoze pwogram ak kalite nimerik.

Fèy wout tranzisyon an, senaryo yo ak platfòm pou difizyon nimerik la se aktivite Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an te prevwa e reyalize nan kad tranzisyon televizyon analojik la nan difizyon nimerik. Vandredi 19 jen 2015 sa a, Direksyon Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon, CONATEL, te envite laprès nan yon konferans sou tranzisyon nimerik la ki dwe fini daprezan rive jen 2017.

Direktè Jeneral CONATEL la, Msye Jean-Marie Guillaume, ansanm ak reprezantan Ministè Travay piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC), Enj. Jean-Marie Maignan, ak Direktè Teknik CONATEL la, Enj. Jn-Claudy Balan, te prezante kote bagay yo ye ak reyalizasyon CONATEL nan kad tranzisyon nimerik la.

« Daprezan rive mwa jiyè, Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), yo chwazi pou yon eksperyans pilòt, pral kòmanse difize emisyon an mòd nimerik », Msye Guillaume enfòme. Dapre kalandriye yo etabli a, an jen 2016, chèn televizyon depatman Lwès yo pral emèt an mòd nimerik e, anvan fen ane 2017, tout televizyon nan peyi a pral pase nan nimerik.