
Plizyè santèn vizitè te patisipe, madi 27 septanm 2016, nan premye jounen Salon Ekonomi nimerik Konsèy nasyonal Telekominikasyon (Conatel).
Pòtoprens, madi 27 septanm 2016.- Plizyè santèn vizitè te patisipe, madi 27 septanm 2016, nan premye jounen Salon Ekonomi nimerik Konsèy nasyonal Telekominikasyon (Conatel), yo te òganize nan Karibe Convention Center, an patenarya ak Bank Repiblik Ayiti (BRH) ak Ministè Komès ak Endistri (MCI), sou tèm "Ekonomi nimerik, akseleratè devlopman ekonomik ak sosyal an Ayiti".
Evènman sa a, ki vle yon kad echanj ak pataj, vle konvenk aktè enstitisyonèl sektè telekominikasyon an yo ka vin pi konpetitif gras ak nimerik, pandan y ap mete efò yo ansanm, e sansibilize konsomatè yo sou zouti ak sèvis ki egziste bò kote yo. "Se pral yon okazyon pou n wè kijan pou n fè Ayiti pase soti nan yon peyi ki konsome teknoloji al nan yon peyi ki pwodui teknoloji. Aktè yo, toupatou, ap eseye konfòme yo pou yo pwofite maksimòm benefis nimerik la. Nou menm tou, an Ayiti, nou dwe adapte nou pou ede peyi a avanse", enj. Jean Marie Altema, direktè jeneral Conatel, endike. Pou premye jounen sa a, patisipan yo te gen dwa a konferans, tab won ak atelye sou tèm ki an menm tan presi men ki aksesib anpil ; anplis gwo espas ekspozisyon operatè sèvis kominikasyon yo ki montre konesans antrepriz nimerik yo. Konferans yo te konsantre sou pwoblèm presi, tankou Ekonomi nimerik ak enklizyon finansye, enpak TIC yo sou devlopman ekonomik, Televizyon Nimerik Tèrès (TNT), ekonomi nimerik : yon nouvo ekonomi, Inovasyon espiralis nan ekonomi nimerik, modèl ekonomik nan sèvis nimerik yo... Yon tab won te pèmèt tou devlope sèvis ak solisyon ki gen rapò ak "Business Process Outsourcing", alòske, an menm tan, pwofesyonèl sektè bankè a te abòde tèm sa yo atravè atelye oryantasyon : Kijan pou li yon pyès lajan, sibèsekirite nan kontèks ekonomi nimerik la, bon BRH yo... Anplis, youn nan gwo moman jounen an se te remiz pri Hackathon an, yon eprèv teknolojik kote twa ekip inivèsitè (Unasmoh, Fakilte Syans ak Esih), ki fòme ak devlopè, te gen pou konsevwa chak – nan espas 48 èdtan e san entèripsyon – pwototip yon aplikasyon pou bay inovasyon nan sistèm bankè a yon pouse. Se Fakilte syans (FDS) ki te konn prezante e defann pwojè ki te pi konplè a, dapre jiri a. Nan pwogram jounen mèkredi 28 septanm nan, rankont B2B, espas ekspozisyon ak kanpe demonstrasyon pral konplete nouvo seri konferans, prezantasyon, atelye travay ak oryantasyon yo. Pwogram de jounen Salon an disponib sou sit wèb la : www.economienumerique2016.ht

