
Premye Minis ayisyen an, Msye Laurent Salvador Lamothe, devan Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), te inogire yon laboratwa enfòmatik nan Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv (EDSEG)
Premye Minis ayisyen an, Msye Laurent Salvador Lamothe, devan Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, ak lòt pèsonalite nan mond politik, tankou ansyen Senatè depatman Latibonit, Msye Youri Latortue, te inogire Samdi 8 Fevriye 2014 sa a yon laboratwa enfòmatik nan Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv (EDSEG). Yo mete laboratwa sa a an plas nan kad pwojè « Scolaritech » CONATEL ak NATCOM te lanse 11 Septanm 2013, ki vize bay lekòl ak lise nan peyi a yon laboratwa enfòmatik e fasilite aksè yo ak Entènèt.
Teknisyen CONATEL yo te enstale apeprè yon swasantèn òdinatè tou nèf pou etidyan EDSEG yo. Nan diskou li, chèf gouvènman an mande yo sèvi avè yo ak responsablite. Enjenyè Daniel Dupiton, youn nan jestionè EDSEG, te remèsye administrasyon Martelly-Lamothe ak Direksyon Jeneral CONATEL la chalerezman pou kontribisyon yo nan modènizasyon lekòl yo.
Apre depatman Sidès la, Latibonit se dezyèm depatman ki benefisye pwogram « Scolaritech » la, k ap kontinye nan rès peyi a.

