
Pou make Jounen Mondyal Telekominikasyon ak Sosyete Enfòmasyon ke Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) te enstwi, e yo te selebre ane sa a sou tèm: « Bay peyi ki pi pòv yo (PMA) mwayen pou yo aji grasa TIC yo », Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te envite tout aktè nan sektè a nan otèl Royal Oasis, mèkredi 17 m
Pou make Jounen Mondyal Telekominikasyon ak Sosyete Enfòmasyon ke Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) te enstwi, e yo te selebre ane sa a sou tèm: « Bay peyi ki pi pòv yo (PMA) mwayen pou yo aji grasa TIC yo », Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te envite tout aktè nan sektè a nan otèl Royal Oasis, mèkredi 17 me 2023 la.
Pandan selebrasyon sa a ki te rasanble ankadreman nan administrasyon piblik, nan CONATEL, nan inivèsite, operatè telekominikasyon ak pwofesyonèl nan sektè a, CONATEL te prezante yon seri pwojè ak pwogram yo genyen k ap aplike pou mete an pratik tèm UIT la te chwazi a. Pwojè ak pwogram sa yo soti nan 4 inisyativ regilatè a, anpalan de:
Kreye yon anviwònman ki bon pou aktivite telekominikasyon yo;
Devlope enfrastrikti enfòmasyon an;
Ranfòse kapasite yo; epi
Devlope ekonomi nimerik la.
Lè Mesye Jean Marie MAIGNAN, ki te reprezante Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon, t ap pale, li te souliyen mankman ki genyen nan kalite sèvis operatè telefòn mobil yo ak founisè aksè entènèt yo ap bay. Li te ankouraje tou efò Direktè Jeneral CONATEL ap fè pou fini migrasyon estasyon radyo ak televizyon analojik yo nan dijital.
Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, te repete detèminasyon l genyen pou l travay pou tout popilasyon ayisyen an gen aksè a sèvis telekominikasyon, e pou yo ka benefisye de avantaj Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo (TIC). Nan kad sa a, li te pwomèt ankò yon fwa ke Regilatè a ap akonpanye operatè telefòn mobil yo pou yo ka ogmante penetrasyon mobil ak gwo vitès entènèt nan zòn rekile nan peyi a.

