Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
JOURNEE MONDIALE DES TELECOMMUNICATIONS

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), anba lidèchip Direktè Jeneral la, Enj. Jean David RODNEY, te bay jedi 17 me 2018 sa a yon konferans pou laprès nan lokal li pou make komemorasyon ‘’Jounen Mondyal Telekominikasyon ak Sosyete Enfòmasyon’’.

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), anba lidèchip Direktè Jeneral la, Enj. Jean David RODNEY, te bay jedi 17 me 2018 sa a yon konferans pou laprès nan lokal li pou make komemorasyon ‘’Jounen Mondyal Telekominikasyon ak Sosyete Enfòmasyon’’, e an menm tan prezante bilan 12 mwa li nan tèt enstitisyon enpòtan e estratejik sa a. Tèm UIT/ONU chwazi pou ane sa a se : ‘’Nan direksyon yon itilizasyon pozitif entèlijans atifisyèl pou sèvi byennèt sosyal‘’.

Ak Gwo kad CONATEL yo bò kote l, Msye RODNEY, anvan tout bagay, te mete evènman an nan kontèks global li an rapò ak ODD (Objektif devlopman dirab) jan ONU defini yo. Pou pati pa yo, Gwo kad ak kad teknik Ògàn regilasyon telekominikasyon an te abòde tèm yo chwazi a an rapò ak okazyon yo kont risk ak menas pou Ayiti.

Konsènan bilan an menm, ki baze sou anpil reyalizasyon ak inisyativ ki nan 5 aks Plan estratejik CONATEL la ki mete ajou, DG a pale de move kalite enfrastrikti telekominikasyon yo, de mank yon kad nòmatif pou atire nouvo envestisman pou ranpli mank apwopriyasyon jeneral nou nan Sektè Telekominikasyon an.

Anfen, Ayiti ta ka rate tren TIC yo si Pouvwa piblik yo pa mezire vrè enjeu mondyal ki mare ak yo an tèm pwogrè, devlopman imen reyèl e dirab an Ayiti.