.webp&w=3840&q=75)
Vandredi 5 desanm 2014 sa a te wè yon premye fwa nan Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) : enstalasyon yon Direktè jeneral adjwen, Msye Jean-Marie Altéma.
Soti agoch ale adwat : Jean-Marie Guilaume, Direktè Jeneral - Philippe Cinéas, Sekretè Deta Transpò - Jean-Marie Altéma, Direktè Jeneral Adjwen
Vandredi 5 desanm 2014 sa a te wè yon premye fwa nan Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel) : enstalasyon yon Direktè jeneral adjwen, Msye Jean-Marie Altéma.
Seremoni enstalasyon an te fèt devan plizyè pèsonalite ak reprezantan Gouvènman an, tankou enjenyè Philippe Cinéas, Sekretè Deta Transpò nan Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), ki te raple long eksperyans Msye Altéma nan sektè nouvo Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo, e ki te prezante l kòm yon moun ki pwodui rezilta.
Nan pawòl byenveni li pou Msye Altéma, Direktè jeneral la, Msye Jean-Marie Guillaume, di li sèten omonim li a pral fè diferans e l ap antre rapidman nan fanmi Conatel la, kote travay la fèt an ekip e nan respè youn pou lòt.
Direktè jeneral adjwen an, pou pati pa l, angaje l pou l reponn atant enstitisyon an e akonpaye efò ki deja fèt yo. Kòm li fyè pou l antre nan ekip la, li pwomèt pou l travay, anba otorite Direktè jeneral la, an kolaborasyon sere ak kad enstitisyon an pou kenbe bèl imaj Conatel la entak.

