
Konferans pou laprès jedi 9 fevriye 2017 a 11è dimaten
Envitasyon pou laprès. Direksyon Jeneral Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) envite laprès pale, ekri ak televize nan yon konferans pou laprès jedi 9 fevriye 2017 a 11è dimaten nan lokal CONATEL sou règleman ki gen rapò ak konsesyon radyodifizyon an.
Ògàn Egzekitif CONATEL la pwofite okazyon sa a pou renouvle bay manm laprès yo asirans trè wo konsiderasyon li.
Jean Marie ALTEMA
Direktè Jeneral

