
Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te rann yon gwo omaj pou plizyè pèsonalite ki make devlopman sektè telekominikasyon an Ayiti :
Omaj pou moun ki bati telekominikasyon an Ayiti nan okazyon 56 an CONATEL Omaj pou moun ki bati telekominikasyon an Ayiti. Nan okazyon 56 an li, Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te rann yon gwo omaj pou plizyè pèsonalite ki make devlopman sektè telekominikasyon an Ayiti : Mesye Jean Claudy Balan, Reynold Guerrier, Fritz Joassain, Max Henri Larson, Jean Marie Raymond Noël, Patrick Attié, Joseph Roberto Morose, Gérard Laborde, Jean Robert Gaillard, Kesner Pharel, Jean Jaunasse Élysée ak Schiller Jean Baptiste.
Ekspè, enjenyè, fòmatè ak antreprenè sa yo te jwe yon wòl esansyèl nan elaborasyon regilasyon yo, deplwaman enfrastrikti yo, pwomosyon Entènèt ak sèvis nimerik yo, ansanm ak nan fòmasyon pwofesyonèl sektè a. Angajman yo ak vizyon yo te detèminan pou modènize e ranfòse telekominikasyon an Ayiti. Seremoni an, ki te fèt nan Otèl Montana 25 Septanm 2025, te yon okazyon pou CONATEL souliye enpak kontribisyon sa yo e selebre wòl kle moun ki bati yo nan transfòmasyon nimerik peyi a.

