
Seminè mondyal radyokominikasyon 2016 la (WRS‑16), ki te fèt Jenèv soti 12 rive 16 desanm, te rasanble apeprè 500 patisipan ki soti nan 109 peyi, tankou Ayiti ki te reprezante pa...
Seminè mondyal radyokominikasyon 2016 la (WRS‑16), ki te fèt Jenèv soti 12 rive 16 desanm, te rasanble apeprè 500 patisipan ki soti nan 109 peyi, tankou Ayiti ki te reprezante pa enjenyè Jean Claudy Balan ak Myrthil Alexandre, ki soti nan Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Conatel). Nan okazyon sa a, ekspè sektè piblik ak prive yo te etidye aspè regleman sou itilizasyon frekans spèk radyoelektrik la ak òbit satelit yo.
WRS‑16 la, ansanm ak seminè rejyonal radyokominikasyon yo, bay okazyon pou moun konnen Règleman radyokominikasyon yo pi byen, Konferans mondyal radyokominikasyon 2015 la te revize. Seminè sa yo pèmèt patisipan yo jwenn tou enfòmasyon jeneral teknik ak regleman ki pral ede yo prepare pou pwochen Konferans mondyal radyokominikasyon (CMR-19) UIT la, ki prevwa pou oktòb 2019.
Seminè sa a te konsakre, yon bò, a diskisyon sou jesyon entènasyonal frekans yo ak sou nòmalizasyon radyokominikasyon pou sèvis Tè ak sèvis espasyal yo ; e, yon lòt bò, nan kad atelye yo, pou abitye ak pwosedi notifikasyon UIT yo ak kèk lojisyèl ak piblikasyon elektwonik Inyon an mete disponib pou manm li yo.
Pandan WRS-16 la, François Rancy, direktè Biwo radyokominikasyon UIT la, te lanse inisyativ yo rele "Yon rezo fanm pou CMR-19 (NOW)", pou ankouraje egalite ant gason ak fanm nan òganis k ap pran desizyon, gwoup ekspè, komite estatitè ak komisyon etid yo.
Selebrasyon 110yèm anivèsè règleman radyokominikasyon yo te kòmanse nan maten 12 desanm. Sekretè Jeneral-Adjwen UIT la ak Direktè Biwo Radyokominikasyon an te fè diskou pou okazyon an, apre sa de panèl konferansye te prezante istwa UIT, chemen règleman radyokominikasyon yo te fè ak pèspektiv pou lavni.
Pandan travay yo, Cosmos Zavazava ki soti nan UIT te di li te travay sou yon pwojè telekominikasyon ijans pou Ayiti e li gen lide vizite peyi a nan kèk mwa k ap vini yo. An mas 2017, UIT pral òganize yon seminè rejyonal sou jesyon spèk la pou zòn Amerik la ak yon reyinyon kowòdinasyon frekans televizyon nimerik ak dividann nimerik pou zòn Karayib la ak Amerik latin.

