
Pòtoprens, 22 septanm 2023 – Nan yon kontèks kote Repiblik Ayiti gen pou leve gwo defi tankou kriz sosyo-politik, povrete ekstrèm, vilnerabilite anviwònmantal, batay kont ensekirite ak banditis, nimerik la parèt kòm yon motè potansyèl pou devlopman peyi a.
Pòtoprens, 22 septanm 2023 – Nan yon kontèks kote Repiblik Ayiti gen pou leve gwo defi tankou kriz sosyo-politik, povrete ekstrèm, vilnerabilite anviwònmantal, batay kont ensekirite ak banditis, nimerik la parèt kòm yon motè potansyèl pou devlopman peyi a. Gouvènman ayisyen an, atravè Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) ak Laboratwa Akselerasyon Pwogram Nasyonzini pou devlopman (PNUD), te òganize nan Pòtoprens vandredi 22 septanm sa a yon atelye refleksyon sou tèm « Transfòmasyon nimerik kòm katalizè devlopman ».
Objektif prensipal atelye sa a se sansibilize e mobilize aktè ekosistèm nimerik nasyonal la pou defini oryantasyon ki nesesè pou elabore yon estrateji nimerik nasyonal ki efikas e enklizif. Pi presizeman, li vize sansibilize moun sou enjeu ak okazyon nimerik la ofri nan reyalizasyon objektif Plan Estratejik Devlopman Ayiti (PSDH), egzamine pi bon pratik entènasyonal yo sou estrateji nimerik nasyonal, evalye kote devlopman nimerik la ye kounye a nan peyi a e idantifye prensipal obstak pou simonte pou yon estrateji nimerik nasyonal ka aplike byen.
CONATEL, atravè diskou Direktè Jeneral li, Enj. Joses JEAN BAPTISTE, kwè « Transfòmasyon nimerik se yon levye pwisan pou amelyore sèvis piblik an Ayiti. Transfòmasyon sa a chanje fondamantalman fason Leta sèvi sitwayen li yo. Si nou konsidere tout kalite bezwen administrasyon piblik ayisyen an genyen, transfòmasyon nimerik la enpoze l kòm yon chemen kout pou rive kote nou prale, e kòm yon akseleratè mouvman ».
Fraktir nimerik la se yon obstak pou redwi inegalite nan mond lan. Dapre yon etid Bank mondyal an 2022, apeprè 3 milya moun nan mond lan pa gen aksè ak entènèt, e pifò ladan yo ap viv nan peyi an devlopman. Pwopòsyon itilizatè entènèt nan vil yo de fwa pi wo pase nan zòn riral yo. Anfen, menm etid sa a presize nan ekonomi ki gen ti revni, 39 % jèn ki gen ant 15 ak 24 an t ap itilize entènèt nan fen 2022, kont 23 % nan lòt kote nan mond lan.
Diferans ant gason ak fanm yo parèt anpil sitou nan kèk metye avni ki ap grandi pi vit e ki peye pi byen, tankou enfòmatik ak jeni. Fanm yo reprezante sèlman 34 % mendèv nan domèn syans, teknoloji, jeni ak matematik (STEM), alòske gen plis gason pase fanm k ap espesyalize nan pifò domèn STEM nan inivèsite.
PNUD te lanse Estrateji nimerik 2022-2025 li ane pase pou antisipe evolisyon konstan mond nimerik la. Pa egzanp, teknoloji nimerik ka ranfòse demokrasi ak dwa moun lè l ankouraje patisipasyon sivik, patisipasyon politik ak responsablite sosyal. Transfòmasyon nimerik la pral yon atou esansyèl pou redwi diferans yo e pa kite pèsonn dèyè.
Malgre anpil kriz Ayiti ap fè fas, peyi a gen yon gwo reta an rapò ak objektif Plan Estratejik Devlopman Ayiti (PSDH) ak Objektif Devlopman Dirab (ODD) Ajanda 2030 la. Sepandan, pandan de dènye deseni yo, gen pwogrè enpòtan ki fèt nan domèn telekominikasyon an Ayiti, sitou demokratizasyon telefoni mobil ak aksè Entènèt. Li klè gen anpil espas toujou pou amelyorasyon.
An Ayiti, kantite itilizatè koneksyon mobil, Entènèt ak rezo sosyal yo te ogmante soti 2021 rive 2022. An 2022, plis pase 65 % itilizatè te gen aksè ak koneksyon mobil kont 64 % an 2021. Anplis, to itilizasyon Entènèt la pase soti 37 % rive 41.40 % sou menm peryòd la, e itilizatè rezo sosyal yo ap ogmante tou.
Ayiti nan yon moman kritik nan devlopman li, ak yon bezwen ijan pou refòm Leta a e pou ankouraje ekonomi an. Nimerik la se yon levye estratejik ki ka akselere aplikasyon PSDH, kreye nouvo okazyon kwasans ak enklizyon sosyal, pandan l ap kontribye nan reyalizasyon ODD yo.
Msye Mactar Fall, Reprezantan rezidan adjwen PNUD a, pou pati pa l, deklare : « Jodi a an Ayiti, nimerik la okipe yon plas santral ki ka favorize tranzisyon ekonomi peyi a, ki kounye a pi ba nan rejyon Amerik latin ak Karayib la, nan direksyon yon ekonomi modèn e konpetitif. PNUD sipòte peyi yo, prèske toupatou nan mond lan, nan itilizasyon nimerik la, e nou bò kote pèp ayisyen an ak gouvènman ayisyen an pou akonpaye yo nan tranzisyon sa a nan nimerik. Nou ka konte sou ekspètiz nou ! »
Evènman an te rasanble responsab gouvènmantal ki patisipe nan planifikasyon ak aplikasyon politik piblik yo, reprezantan sektè prive, manm òganizasyon sosyete sivil ki angaje nan devlopman, reprezantan ajans Nasyonzini ak òganizasyon patnè, pwofesyonèl medya, ansanm ak ekspè inivèsitè ak chèchè ki espesyalize nan devlopman ak teknoloji nimerik. Rezilta yo tann de atelye sa a gen ladan yo direktiv klè pou elabore yon estrateji nimerik nasyonal ki pral mete Ayiti sou chemen devlopman dirab ak pwosperite.

