Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
HAITI / CONATEL-FINTECH 2018

‘’Fowòm sou Finans ak Teknoloji’’ yo te òganize semèn pase a nan ‘’Sant Konvansyon BRH’’ te pèmèt lidèchip CONATEL fè yon entèvansyon samdi 14 avril 2018 sou tèm sa a...

CONATEL vle jwe wòl estratejik li kòm regilatè nèt !

‘’Fowòm sou Finans ak Teknoloji’’ yo te òganize semèn pase a nan ‘’Sant Konvansyon BRH’’ te pèmèt lidèchip CONATEL fè yon entèvansyon samdi 14 avril 2018 sou tèm sa a : ’’Sèvis finansye nimerik ak Rekòmandasyon UIT yo : Yon chanjman paradig’’, yon Panèl ki te fòme ak Msye Schiller Jean Baptiste, Direktè Kabinè Direktè Jeneral la, Enjenyè Gregory Domond, Konsiltan, ak Enjenyè Joses Jean Baptiste, Manm Kabinè Teknik Direksyon Jeneral la, ki te li Diskou Direktè Jeneral CONATEL la pandan l pa t la, te reprezante l byen.

An reyalite, de kisa sa ye ?

Fondamantalman, se mete an plas mekanis pou estriktire itilizasyon Teknoloji nimerik yo, ki gen kòm objektif demokratize Sistèm finansye a nan yon apwòch ki pito sistemik.

Vre, ‘’sèvis finansye nimerik ki parèt konsa yo konekte fanmi ki pi pòv yo ak bous yo, gras ak rezo telekominikasyon yo. Men, paske yo nouvo e paske pa gen estanda, sa lakòz anpil inisyativ parèt ki difisil pou mache ansanm. Entèvansyon gouvènman yo te pèmèt rezoud kèk pwoblèm ka pa ka, men jiska prezan yo pa t ka atake gwo pwoblèm sekirite, entèwoperabilite, aksè ak pwoteksyon konsomatè yo, paske plizyè otorite, sitou otorite regilasyon, te entèvni nan domèn Sèvis finansye nimerik yo’’.

Nan sans sa a, nou ka konstate mank kowòdinasyon ak lanteur nan devlopman nòm ak estanda yo aksepte jeneralman sou mache Sèvis finansye nimerik yo an rapò ak TIC yo.

Pa egzanp, òf sèvis finansye nimerik yo ta mare sèlman ak operatè telefoni mobil yo, sa ki anpeche itilizatè yo gen libète pou chanje founisè sèvis sa yo.

Ann raple depi 2014 yo te etabli yon dyalòg mondyal sou enklizyon finansye nimerik, sou inisyativ UIT, an aplikasyon Rezolisyon 48 (Hyderabad an 2010) ak 64 (Dubaï an 2014). Depi lè sa a, yo te eksplike klèman nesesite pou ranfòse aksè ak TIC yo e pou elabore solisyon inovatè pou sèvi enklizyon finansye nimerik. Yo te souliye tou enpòtans yon regleman ki soti nan kolaborasyon ant Sektè Sèvis finansye yo ak Telekominikasyon yo ak otorite konkirans yo.

Gwoup Travay ki soti nan Dyalòg mondyal sa a te fikse de gwo objektif :

kreye yon platfòm pou yon dyalòg ak yon kolaborasyon ki pi regilye e pi estriktire ant Regilatè Sèvis finansye yo ak Regilatè Telekominikasyon yo, ki bezwen devlope apwòch politik ak regleman ki koyeran pou Sèvis finansye nimerik yo ; diskite kèk nan politik santral yo ak pèspektiv regleman ki ta ka anpeche sèvis sa yo devlope yon fason enklizif. Kidonk, lè a rive jodi a pou CONATEL, regilatè Sèvis telekominikasyon an Ayiti, ki apiye sou bon kolaborasyon ak BRH, ki li menm se regilatè Sèvis finansye yo, fè mekanis ki pwopoze nan rekòmandasyon UIT yo mache pou pi gwo enterè peyi nou an. Se yon kondisyon obligatwa pou asire Ayiti pa yon pwen fèb ni chenn ki manke nan ekosistèm mondyal Sèvis finansye nimerik yo.