Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Formation des Inspecteurs de Télécommunications des bureaux déconcentrés du grand Nord

Sant Fòmasyon ak Devlopman Kapasite (CFTDC) Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize de jou fòmasyon pou 14 enspektè...

Sant Fòmasyon ak Devlopman Kapasite (CFTDC) Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize de jou fòmasyon pou 14 enspektè ekipman telekominikasyon nan biwo rejyonal ki baze nan ladwàn Gran Nò yo, 19 ak 20 jiyè 2023, nan Otèl LAKOU BREDA, Okap.

Nan okazyon an, Direktè Teknik CONATEL la, Enjenyè Jean Roy FAUSTIN, eksplike enspektè yo nesesite yon inisyativ konsa, anvan l prezante Direktè Jeneral enstitisyon an, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, ki te entèvni pa videyo-konferans pou souliye enpòtans fòmasyon sa a ki te vize bay enspektè yo konesans ki apwopriye pou ranfòse kapasite yo nan pò, ayewopò e tou nan tout pwen fwontyè peyi a. Msye JEAN-BAPTISTE raple enspektè CONATEL yo misyon yo tou kòm ajan sekirite, ki gen pou kontwole kalite ekipman ak materyèl telekominikasyon k ap antre sou teritwa nasyonal la, e anpeche sa ki pa omologe yo antre.

Misyon ak Atribisyon CONATEL, Dwa ak devwa Ajan Fonksyon Piblik yo, Kontwòl Ekipman ak Pwosedi verifikasyon ekipman yo, patenarya ant CONATEL ak LADWÀN pou kontwole antre ekipman telekom sou tout teritwa nasyonal la : se tout tèm sa yo enjenyè Edva ALTEMAR, Direktè Rezo ak Sèvis, ak Hemerson FORESTE, Responsab Devlopman ak Sèvis, te trete pandan fòmasyon sa a. Nan fen fòmasyon an, chak patisipan te resevwa yon sètifika.

Yo pral elaji fòmasyon sa a pou lòt enspektè ekipman telekominikasyon nan biwo rejyonal lòt depatman yo ki baze nan diferan pòs kontwòl peyi a.